lendi 17 novanm 2014, 12:11 EDT
Sa k nan Meni Audio a
odyo
Pwogram
Maten an
Mitan jounen an
Aprè-midi a
Nouvèl an Vè
Kreyòl Pale-Kreyòl Konprann
Lib Tribinn/Dyaloge ak Etazini

YouTube channel
Miltimedya
odyo

Nouvèl / Lèzetazini

Etazini/Ayiti - Imigrasyon : Detay sou Pwogram Reyinifikasyon Fanmi Ayisyen an

x
Ekip Sèvis Kreyòl VOA

Repons pou kesyon moun poze souvan sou pwogram eksepsyon pou konsolidasyon nan fanmi ayisyen an (HFRP). Yon nòt Biwo Afè Piblik Anbasad Amerikèn nan Pòtoprens.

    ------------------------------------------------------

K: Kijan yon moun ka aplike pou ‎Pwogram Reyinifikasyon Fanmi Ayisyen an? 

R: Moun ki kalifye pou pwogram sa a pa bezwen fè anyen kounye a.  Yo dwe rete tann Depatman Sekirite Teritwa Etazini --ke yo rele DHS-- bay plis detay sou pwogram sila a nan kòmansman lane 2015 la. Se biwo Sèvis Imigrasyon pou Sitwayen Ameriken (USCIS) kap kontakte moun ki kalifye pou pwogram sila a dirèkteman.

K: Kiyès ki kalifye pou ‎Pwogram Reyinifikasyon Fanmi Ayisyen an?

R: Se Ayisyen ki te deja gen yon aplikasyon fanmi yo te fè pou yo, epi fòk aplikasyon sila a te deja apwouve. Biwo Sèvis Imigrasyon pou Sitwayen Ameriken (USCIS) ap  kontakte moun ki kalifye pou pwogram sila a dirèkteman.

K: Si mwen deja Ozetazini, èske mwen ka kalifye san mwen pa bezwen rantre Pòtoprens pou mwen ale pase entèvyou?

R: Si w deja Ozetazini, ou pa kalifye pou pwogram sa a. Epi pèsonn pa bezwen eseye antre Ozetazini ilegalman ak entansyon pou l ka eseye patisipe nan ‎Pwogram Reyinifikasyon Fanmi Ayisyen an, paske yo pap kalifye yo.  Nou  pwofite de okasyon an pou nou repete mesaj sa a yon fason pou li pi klè toujou pou tout moun kap eseye antre Ozetazini ilegalman sou lanmè : Pa fè sa! Vwayaj sa yo danjere anpil epi yo ilegal.

K: Konbyen kòb pou m peye pou pwogram sa a?

R: Depatman Sekirite Teritwa Etazini (DHS) pral bay plis detay sou pwogram sa a nan kòmansman lane 2015 la. Nap mande tout moun ki pral aplike pou pwogram nan pou yo fè atansyon, veye magouy si janmè yon moun ki pap travay nan USCIS oubyen nan Depatman Deta, ta mande pou w peye lajan pou nenpòt ki sèvis ki gen rapò ak kesyon imigrasyon.  Si nenpòt moun ta mande w peye lajan, sa sèlman ta dwe deja fè w santi moun sa a nan magouy.

K: Kòman e kilè map konnen si yo chwazi mwen pou m al fè entèvyou pou pwogram nan?

R: Se Sèvis Imigrasyon pou Sitwayen Ameriken (USCIS), oubyen Sant Nasyonal Viza ki chita nan Depatman Deta a, kap kontakte dirèkteman sitwayen ameriken an osinon rezidan pèmanan an ki te fè aplikasyon an pou enfòme yo key on gen manm fanmi yo ki kalifye pou pwogram nan.

K: Eske tout kategori viza ka kalifye pou pwogram sila a?

R: Non. Se sèlman moun ki gen aplikasyon viza rezidans ki deja apwouve ki ka aplike.  Li enpòtan pou tout moun konprann ke Pwogram Reyinifikasyon Fanmi Ayisyen an pa yon nouvo kategori viza. Se yon opòtinite pou moun ki gen pou pi piti de (2) lane depi Sèvis Imigrasyon te apwouve aplikasyon rezidans pou yo al viv Ozetazini.  Yon lòt remak, sè ke nan kategori madanm ak mari, papa ak manman ak pitit, yon sitwayen ameriken pa gen limit nan kantite viza li kapab resevwa ; kidonk moun ki nan kategori sa a pa kalifye pou Pwogram Reyinifikasyon Fanmi Ayisyen an, paske yo kapab jwenn viza rezidans yo rapidman.

K: Eske mwen gen tout avantaj depi yo fin ban m enfòmasyon ki di mwen kalifye? Ki dwa mwen genyen Ozetazini? Eske m ka travay? Eske m ap bezwen otorizasyon pou m travay?

R: Depatman Sekirite Teritwa Etazini  (DHS) pral bay plis detay sou pwogram sa a nan kòmansman lane 2015 la. Rete tann detay yo pou w ka jwenn enfòmasyon sa yo.  Jeneralman, moun ki kalifye yo kapab aplike pou yo jwenn otorizasyon pou travay Ozetazini.  Wap jwenn plis detay nan lane 2015 la.

Q: Eske peyi Etazini ap achte tikè avyon pou mwen, menm jan ak moun ki nan kategori Visa 93 derivatives?

A: Non. Peyi Etazini pap peye pou vwayaj ou.

                               (Tèks la fini).

Swiv nou sou rezo sosyal yo

Atik yo plis li
  1. Etazini/Ayiti - Imigrasyon : Detay sou Pwogram Reyinifikasyon Fanmi Ayisyen an
  2. Vizit Premye Minis Lamothe nan Zòn Inondasyon Frape nan Nò Peyi d Ayiti
  3. Wesslande Olysse ap Mennen Kanpay Kont Domestisite ann Ayiti
  4. AYITI-JISTIS: Plent kont l'ONU pou Kolera a devan Yon Jij nan New York
  5. Retou Prezidan Martelly ann Ayiti apre yon Toune sou Kontinan Ewopeyen an