lendi 17 novanm 2014, 12:16 EDT
Sa k nan Meni Audio a
odyo
Pwogram
Maten an
Mitan jounen an
Aprè-midi a
Nouvèl an Vè
Kreyòl Pale-Kreyòl Konprann
Lib Tribinn/Dyaloge ak Etazini

YouTube channel
Miltimedya
odyo

segman espesyal / sante

Ayiti - Karayib - Amerik Latin - Preparasyon Kont Epidemi Ebola a

Yon gwoup pwofesyonèl Lasante devan yon lopital kote yo trete moun pou Ebola nan Liberya
x
Yon gwoup pwofesyonèl Lasante devan yon lopital kote yo trete moun pou Ebola nan Liberya
Ekip Sèvis Kreyòl VOA

Prezidan Michel Martelly te nan tèt yon delegasyon wo nivo ki ale nan La Avàn, Kiba, kote li patisipe nan yon somè chèf deta ak chèf gouvènman Amerik Latin nan ak Karayib la sou yon estrateji tèt ansanm pou fè fas ak yon posib epidemi Ebola nan rejyon an. Se Alyans Bolivaryèn Pèp Amerik yo ( ALBA) ki òganize somè a. Delegasyon Ayiti a mete devan patisipan yo dispozisyon administrasyon Martelly/Lamothe la pran pou l kontrekare epidemi an si jamè li ta antre nan peyi a. Premye Minis Laurent Lamothe, Premyè Dam nan, Sophia Martelly, ak Minis Sante Piblik la Florence Duperval Guillaume, antwòt, te nan delegasyon ki te akonpaye chèf deta a nan La Avàn.

Nouvèl Ayiti -Madi 21 Oktòb 2014
Nouvèl Ayiti -Madi 21 Oktòb 2014i
▶ || 0:00:00
... ⇱    
🔇
X
  • Telechaje

Epidemi Ebola a deja touye plizyè milye moun nan 3 peyi ann Afrik de Lwès: Liberya, Syera Leyòn ak Gine. Gouvènman ameriken an depeche yon kontenjan militè e li voye asistans finansye pou ede konbat maladi a.  Kiba, bò kote pa li, voye tou plizyè santèn doktè ak lòt pwofesyonèl lasante nan peyi afekte yo pou pote konkou yo nan efò kap fèt pou bloke pwogrè epidemi an.

Somè La Avàn nan dewoule nan moman Òganizasyon Mondyal Lasante (OMS) deklare epidemi Ebola pa ekziste ankò nan Nijerya. OMS pran desizyon sa a apre 42 jou pase san otorite lasante nijeryan yo pa rapòte okenn ka maladi a -42 jou se 2 fwa tan ki nesesè (21 X 2)  pou yon moun ki trape viris la montre sentòm ki fè wè li genyen maladi a.

LÒT  NOUVÈL  AYITI:

Francky Exius, prezidan Komisyon Jistis ak Sekirite nan sena a, konvoke responsab wo-plase Polis Nasyonal la pou yo bay eksplikasyon sou sa kèk obsèvatè konsidere kòm "reyaksyon egzajere" fòs de lòd yo pandan manifestasyon opozisyon an te òganize vandredi 17 oktòb kont pouvwa an plas la nan okazyon 208èm anivèsè asasina Lanperè Jean-Jacques Dessalines. An plis de sa, otorite PNH yo ap gen pou reponn kesyon komisyon an sou klima ensekirite a k ap ogmante chak jou nan peyi a, sitou nan kapital la.

Nan vil Okay, nan pati sid Ayiti, otorite lajistis poko reponn akizasyon lapolis nan depatman an lanse kont kèk jij ki, daprè lapolis, ap mennen operasyon sezi dwòg san prezans manm polis nasyonal la,jan règleman yo mande sa a.

Anfen, nan vil Jeremi, nan Depatman Grand’Ans, asiz kriminèl, avèk ou san asistans jiri, kòmanse lendi 20 oktòb 2014 la. Otorite yo gen pou tande 12 ka pandan sesyon an. Responsab yo anonse yap kòmanse yon pwogram jijman kriminèl yon fwa chak semèn pou redui kantite ka detansyon prevantif pwolonje nan sistèm penitansye depatman an.

Swiv nou sou rezo sosyal yo

Atik yo plis li
  1. Etazini/Ayiti - Imigrasyon : Detay sou Pwogram Reyinifikasyon Fanmi Ayisyen an
  2. Vizit Premye Minis Lamothe nan Zòn Inondasyon Frape nan Nò Peyi d Ayiti
  3. Wesslande Olysse ap Mennen Kanpay Kont Domestisite ann Ayiti
  4. AYITI-JISTIS: Plent kont l'ONU pou Kolera a devan Yon Jij nan New York
  5. Retou Prezidan Martelly ann Ayiti apre yon Toune sou Kontinan Ewopeyen an