lendi 17 novanm 2014, 02:20 EDT
Sa k nan Meni Audio a
odyo
Pwogram
Maten an
Mitan jounen an
Aprè-midi a
Nouvèl an Vè
Kreyòl Pale-Kreyòl Konprann
Lib Tribinn/Dyaloge ak Etazini

YouTube channel
Miltimedya
odyo

Nouvèl / Ayiti

Yon Dènye Omaj pou Ansyen Prezidan Avi Jean-Claude Duvalier

Antèman Ansyen Prezidan Jean-Claude Duvalier nan Pòtoprens (Foto AFP/ Hetor Retamal 11 oktòb 2014)
x
Antèman Ansyen Prezidan Jean-Claude Duvalier nan Pòtoprens (Foto AFP/ Hetor Retamal 11 oktòb 2014)
Ekip Sèvis Kreyòl VOA

Manm fanmi ak plizyè santèn patizan ansyen Prezidan Avi Jean-Claude Duvalier rann li yon dènye omaj pandan dewoulman antèman li samdi 11 oktòb la nan Pòtoprens. 2 ansyen prezidan ayisyen, ansyen Jeneral Prosper Avril ak Mèt Boniface Alexandre, te pami pèsonalite ki te prezan nan seremoni an ki dewoule nan chapèl Saint Louis de Gonzague la, sou wout Delmas, ki se etablisman eskolè defen prezidan an te frekante. Selebran prensipal la, Reveran Pè Antoine Occide Jean, alyas Pè Sicot ki rekonèt defen an sete yon ansyen zanmi pèsonèl li-- fè konnen li twò bonè pou moun jije administrasyon Jean-Claude Duvalier a.

Aktyèl anbasadè Ayiti an Repiblik Dominikèn, Fritz Cinéas, yon ansyen minis e anbasadè sou gouvènman Jean-Claude Duvalier a-- prezante ansyen lidè desede a kòm yon moun janti e poli, menmsi Misye Cinéas rekonèt te gen kèk gwo fo pa pandan J. C. Duvalier tap dirije peyi a ant 1971 e 1986. Ansyen Kolonèl Joseph Baguidy --ki te pran lapawòl nan seremoni an tou-- leve lavwa pou li mande yon fen nan sa li rele "kanpay dyabolizasyon" kap fèt kont Jean-Claude Duvalier ki te mouri lakay Misye Baguidy samdi 4 oktòb 2014 la ak yon arè di kè.  Ni Prezidan Michel Martelly ni Premye Minis Laurent Lamothe pat asiste antèman an.

Nouvèl Ayiti - Lendi 13 Oktòb 2014
Nouvèl Ayiti - Lendi 13 Oktòb 2014i
▶ || 0:00:00
... ⇱    
🔇
X
  • Telechaje

Lòt nouvèl konsènan Ayiti : Lapolis nan vil Okay fè 3 arestasyon apre pèp souvren te pran lari,  dimanch 12 oktòb la, pou egzije EDH (Elektrisite d Ayiti) bay popilasyon an kouran. Manifestan yo, ki tap sikile ak bouji nan men yo, te kalonnen fòs de lòd yo ak kout wòch.

Anfen, 2 senatè, Wencesclass Lambert ak Jocelerme Privert, ki te patisipe semèn pase a nan yon rankont palmantè peyi manm Bank Mondyal yo nan Washington, ankouraje gwoup 6 senatè nan opozisyon an pou yo amande lwa elektoral la pou eleksyon kapab dewoule nan peyi a nan kòmansman ane 2015 la. 2 senatè yo ak Premye Minis Laurent Lamothe te rankontre ak Sekretè Deta ameriken an, John Kerry, anvan yo te kite kapital Lèzetazini an.

Swiv nou sou rezo sosyal yo

Atik yo plis li
  1. Etazini/Ayiti - Imigrasyon : Detay sou Pwogram Reyinifikasyon Fanmi Ayisyen an
  2. Vizit Premye Minis Lamothe nan Zòn Inondasyon Frape nan Nò Peyi d Ayiti
  3. Wesslande Olysse ap Mennen Kanpay Kont Domestisite ann Ayiti
  4. AYITI-JISTIS: Plent kont l'ONU pou Kolera a devan Yon Jij nan New York
  5. Retou Prezidan Martelly ann Ayiti apre yon Toune sou Kontinan Ewopeyen an