lendi 17 novanm 2014, 02:22 EDT
Sa k nan Meni Audio a
odyo
Pwogram
Maten an
Mitan jounen an
Aprè-midi a
Nouvèl an Vè
Kreyòl Pale-Kreyòl Konprann
Lib Tribinn/Dyaloge ak Etazini

YouTube channel
Miltimedya
odyo

Nouvèl / Ayiti

Ayiti-Bank Mondyal : Promèt 52 Milyon Dola Asistans pou Lit kont Epidemi Kolera a

Yon viktim epidemi Kolera a (Foto achiv)
x
Yon viktim epidemi Kolera a (Foto achiv)
Ekip Sèvis Kreyòl VOA

Nan yon konferans ki dewoule nan katye jeneral Bank Mondayal la nan Washington DC, peyi donatè yo pran angajman pou yo ofri Ayiti yon asistans 52 milyon dola pou ede gouvènman Martelly-Lamothe la reyalize plan li genyen pou l elimine epidemi kolera a. Premye Minis Laurent Lamothe, ki te asiste konferans la, mete devan patisipan yo yon videyo ki montre aklè dega maladi a fè nan mitan popilasyon ayisyèn nan.

Misye Lamothe te pwofite vizit li nan kapital Lèzetazini an pou l rankontre ak anbasadè peyi manm Òganizasyon Eta Ameriken yo (OEA), otorite finansyè entènasyonal yo anvan li te vizite Depatman Deta a kote li te fè chita-pale ak Sekretè Deta ameriken an, John Kerry. Chèf diplomasi amerikèn nan abòde ak Misye Lamothe nesesite pou eleksyon dewoule ann Ayiti pi to posib. Sekretè Deta a lonje dwèt sou yon sektè ki, daprè li, anpeche pèp la patisipe nan eleksyon e kite Ayiti fè pwogrè sou wout pwogrè ak devlopman. Bò kote pa l, nan yon entèvyou Premye Minis Lamothe bay Lavwadlamerik, li lanse apèl bay yon gwoup 6 senatè opozisyon an pou l mande yo kite gran kò a amande lwa elektoral la.

Nouvèl Ayiti -vandredi 10 oktòb 2014
Nouvèl Ayiti -vandredi 10 oktòb 2014i
▶ || 0:00:00
... ⇱    
🔇
X
  • Telechaje

Dosye-Duvalier: Pòtpawòl prezidans la, Lucien Jura, fè konnen ansyen prezidan Jean-Claude Duvalier pap genyen yon antèman nasyonal ni ofisyèl, men pito yon antèman prive. Gouvènman Martelly-Lamothe la pran desizyon sa a apre sitwayen plizyè sektè te pwoteste e menase pou yo pran lari si pouvwa egzektif la ta ofri ansyen chèf deta a yon fineray nasyonal. Jean Claude Duvalier, ki te mouri anba yon arè kadyak samdi 4 oktòb 2014 la, ap antere samdi 11 oktòb la nan Pòtoprens.

Pri pwodui petwolye yo ogmante apati de vandredi 10 oktòb la : Se sa ki di nan yon anons gouvènman an fè nan Pòtoprens. Senatè Jean Baptiste Bien-Aimé (Nòdès), ki reyaji aprè nouvèl la te parèt nan laprès, leve lavwa pou l di se yon desizyon ki pral ogmante mizè pèp la.

Anfen, Minis Kominikasyon an, Doktè Rudy Herriveaux, rejte pwopozisyon plizyè sektè fè pou Prezidan Michel Martelly bay demisyon n kòm yon mwayen pou kriz la rezoud. Pwopozisyon sa yo sòti nan seri konsiltasyon lidè ayisyen an ap fè depi  plis pase 2 semèn deja avèk diferan segman sosyete a. Misye Herriveaux, ki di pwopozisyon sa yo antre nan kad sa li rele "yon ti kou deta klasik", raple sektè sa yo ke "eleksyon se sèl mwayen pou yon moun monte sou pouvwa a."

Swiv nou sou rezo sosyal yo

Atik yo plis li
  1. Etazini/Ayiti - Imigrasyon : Detay sou Pwogram Reyinifikasyon Fanmi Ayisyen an
  2. Vizit Premye Minis Lamothe nan Zòn Inondasyon Frape nan Nò Peyi d Ayiti
  3. Wesslande Olysse ap Mennen Kanpay Kont Domestisite ann Ayiti
  4. AYITI-JISTIS: Plent kont l'ONU pou Kolera a devan Yon Jij nan New York
  5. Retou Prezidan Martelly ann Ayiti apre yon Toune sou Kontinan Ewopeyen an