lendi 17 novanm 2014, 04:01 EDT
Sa k nan Meni Audio a
odyo
Pwogram
Maten an
Mitan jounen an
Aprè-midi a
Nouvèl an Vè
Kreyòl Pale-Kreyòl Konprann
Lib Tribinn/Dyaloge ak Etazini

YouTube channel
Miltimedya
odyo

Nouvèl / Ayiti

Ki Antèman Ansyen Prezidan J. C. Duvalier ap Genyen: Nasyonal? Ofisyèl? Oubyen yon Senp Antèman?

Defen Prezidan avi Jean Claude Duvalier apre retou li ann Ayiti an 2011 (Foto achiv).
x
Defen Prezidan avi Jean Claude Duvalier apre retou li ann Ayiti an 2011 (Foto achiv).
Ekip Sèvis Kreyòl VOA

Ann Ayiti, gouvènman an poko pibliye oken kominike pou di ofisyèlman si ansyen prezidan Jean Claude Duvalier ap genyen yon antèman nasyonal ou ofisyèl. Klas politik la ak sosyete sivil la rete divize sou kesyon an. Pou militan kap defann viktim anba ansyen rejim nan, Misye Duvalier pa merite onè sa a menm si li te dirije peyi a pandan 15 zan. Bò kote  pa yo, patizan Duvalier yo fè konnen ansyen prezidan an dwe gen yon antèman ofisyèl tankou sa toujou fèt pou tout ansyen chèf deta d Ayiti. Pandansetan, otorite yo nan administrasyon Martelly-Lamothe la, ni fanmi defen lidè a poko anonse ofisyèlman dat antèman an. Jean Claude Duvalier te mouri samdi 4oktòb 2014 la anba yon kriz kadyak; li te retounen nan peyi a sa gen plis pase 3 zan apre li te pase anviwon 25 kan ann egzil an Frans.

Nouvèl Ayiti - jedi 9 oktòb 2014
Nouvèl Ayiti - jedi 9 oktòb 2014i
▶ || 0:00:00
... ⇱    
🔇
X
  • Telechaje

Yon lòt kote, pandan jounen mèkredi 8 oktòb la, Polis Nasyonal d Ayiti (PNH) prezante bilan aktivite li pou mwa septanm 2014 la. Pòt pawòl adjwen PNH la, Gary Desrosier, di fòs de lòd yo te arete 35 moun anba akizasyon deske yo te mele nan zak kidnaping, vòl, menas asasina, eskwokri, trafik dwòg ak posesyon zam ilegal.

Nan vil Jakmèl, nan Depatman Sidès peyi a, lapolis prezante devan laprès 3 moun ki anba akizasyon deske yo se chèf gang, pi presizeman yon rezo ki ta responsab divès asasina nan depatman an. Responsab yo anonse tou destriksyon 3 jaden marijwana gras ak asistans popilasyon an.

Anfen, lanmò Jean Claude Duvalier pwovoke plis deba pase retou li nan peyi a. Nan pwogram lib tribin Dyaloge ak Etazini ki pase sou Lavwadlamerik mèkredi 8 oktòb 2014 la, ansyen depite Alix Fils-Aimé, ki te pase plizyè ane nan prizon sou rejim Duvalier a, te reponn kesyon kap mande si wi ou non pouvwa Duvalier a te repoze sou yon doktrin politik. Ansyen direktè enfòmasyon ak pwogramasyon Radio Nationale d'Haiti, jounalis Rulx Denis, pale de kontribisyon gouvènman 2 Duvalier yo pote nan sosyete ayisyèn nan, menm si li rekonèt erè rejim nan te komèt.

Swiv nou sou rezo sosyal yo

Atik yo plis li
  1. Etazini/Ayiti - Imigrasyon : Detay sou Pwogram Reyinifikasyon Fanmi Ayisyen an
  2. Vizit Premye Minis Lamothe nan Zòn Inondasyon Frape nan Nò Peyi d Ayiti
  3. Wesslande Olysse ap Mennen Kanpay Kont Domestisite ann Ayiti
  4. AYITI-JISTIS: Plent kont l'ONU pou Kolera a devan Yon Jij nan New York
  5. Retou Prezidan Martelly ann Ayiti apre yon Toune sou Kontinan Ewopeyen an