lendi 17 novanm 2014, 06:05 EDT
Sa k nan Meni Audio a
odyo
Pwogram
Maten an
Mitan jounen an
Aprè-midi a
Nouvèl an Vè
Kreyòl Pale-Kreyòl Konprann
Lib Tribinn/Dyaloge ak Etazini

YouTube channel
Miltimedya
odyo

Nouvèl / Ayiti

Prezidan Martelly Kontinye Kontak yo sou Kriz Politik la - Rankont ak Lidè Relijye yo

Prezidan Michel Martelly ap tande doleyans yon sitwayen. (Foto achiv).
x
Prezidan Michel Martelly ap tande doleyans yon sitwayen. (Foto achiv).
Ekip Sèvis Kreyòl VOA

Ann Ayiti, seri konsiltasyon ant Prezidan Michel Martelly, klas politik la ak sosyete sivil la kontinye nan jounen madi 7oktòb 2014 la nan kad efò ki sou pye pou jwenn yon solisyon pou kriz politik la. Lidè ayisyen an te rankontre ak dirijan relijye yo, lidè  kèk pati politik ak yon gwoup diplomat etranje.

Pastè Chavannes Jeune, lidè Alyans Kretyèn ak Sitwayen pou Rekonstriksyon d Ayiti (AKRA), mete devan chèf deta a yon pwopozisyon an 12 pwen ki, daprè Misye Jeune, kapab gen plas li nan rechèch solisyon pou kriz la. Lidè AKRA a konseye Prezidan Martelly, antwòt, pou l fasilite òganizasyon yon jèn nasyonal ki ta dire 3 jou.

Nouvèl Ayiti -mèkredi 8 oktòb 2014
Nouvèl Ayiti -mèkredi 8 oktòb 2014i
▶ || 0:00:00
... ⇱    
🔇
X
  • Telechaje

Yon lòt kote, òfisyèl wo-plase nan gouvènman ayisyen an rankontre ak reprezantan plizyè òganizasyon sosyete sivil la plis yon gwoup diplomat etranje pou  ba yo yon kont-randi sou reyalizasyon administrasyon Martelly/ Lamothe la pandan 2 premye ane manda Prezidan Martelly a, swa ant 2011 e 2013. Aprè rankont la, lidè ayisyen an fè konnen anbasadè fransè a ann Ayiti, Patrick Nicolosso, remèt li yon envitasyon pou l al vizite peyi Lafrans kote li gen pou l rankontre ak Prezidan François Hollande. Misye Martelly pral pwofite vwayaj sa a pou l fè yon vizit nan Fort de Joux, nan Montay Jurat a, kote ewo nasyonal ayisyen Toussaint Louverture (Le Précurseur de l'Indépendance d'Haiti) te nan prizon e kote li te mouri sa genyen plis pase 2 san zan. 

Anfen Prezidan Martelly, ki tap reponn kesyon yon jounalis, pa di si wi ou non Jean Claude Duvalier, ki mouri anba yon atak kadyak samdi 4 oktòb 2014 la, ap gen yon antèman nasyonal ou ofisyèl. Daprè chèf deta a, lalwa prevwa kisa ki dwe fèt apre lanmò yon ansyen prezidan. Jiska prezan moun poko konnen ki dat antèman an pral dewoule.

Swiv nou sou rezo sosyal yo

Atik yo plis li
  1. Etazini/Ayiti - Imigrasyon : Detay sou Pwogram Reyinifikasyon Fanmi Ayisyen an
  2. Vizit Premye Minis Lamothe nan Zòn Inondasyon Frape nan Nò Peyi d Ayiti
  3. Wesslande Olysse ap Mennen Kanpay Kont Domestisite ann Ayiti
  4. AYITI-JISTIS: Plent kont l'ONU pou Kolera a devan Yon Jij nan New York
  5. Retou Prezidan Martelly ann Ayiti apre yon Toune sou Kontinan Ewopeyen an