vandredi 14 novanm 2014, 03:54 EDT
Sa k nan Meni Audio a
odyo
Pwogram
Maten an
Mitan jounen an
Aprè-midi a
Nouvèl an Vè
Kreyòl Pale-Kreyòl Konprann
Lib Tribinn/Dyaloge ak Etazini

YouTube channel
Miltimedya
odyo

Nouvèl / Entènasyonal

Etazini Pral Akeyi Plizyè Milye Imigran Ayisyen li Deja Apwouve Pou Vin Viv Ak Fanmi Yo

Moun ki anfavè refòm nan lwa ak politik immigrasyon devan yon lokal Sèvis Imigrasyon Etazini an nan Nouyòk. foto achiv 2012
x
Moun ki anfavè refòm nan lwa ak politik immigrasyon devan yon lokal Sèvis Imigrasyon Etazini an nan Nouyòk. foto achiv 2012

Gouvènman prezidan Barack Obama a anonse vandredi  17 oktòb  2014 la "plizyè milye ayisyen ki deja ranpli kondisyon Sèvis imigrasyon Etazini an fikse pral kapab vin viv ak fanmi yo ki deja tabli Ozetazini ann atandan Sèvis Imigrasyon delivre yo viza imigran yo".

Sèvis Imigrasyon ak Sitwayènte Etazini (USCIS, ann angle) Depatman Sekirite Teritoryal (Homeland Security) ki okipe e sipèvize kesyon imigrasyon peyi a di "Pwogram Reyinifkasyon Sou pawòl Fanmi Ayisyèn" nan pral otorize Ayisyen ki resevwa notifikasyon pou fè yo konnen yo ka jwenn viza imigran yo nan yon peryòd 2 zan vwayaje Ozetazini kote yo va vinn rete tann yo resevwa viza yo. Moun sa yo, dapre USCIS, pral resevwa yon kat ki va pèmèt yo travay nan peyi a ann atandan yo jwenn kat rezidans yo.

Chak ane Lèzetazini delivre yon kantite limite viza imigran "reyinifikasyon" lafanmi an e nan kèk ka sitwayen ayisyen li apwouve yo konn rete tann plis pase 10 zan anvan yo resi jwenn yon viza pou yo rantre rejwenn fanmi yo Ozetazini.

Apati ane 2015 kap vini an,  Sant Viza Nasyonal Depatman Deta a pral enfòme paran ayisyen k ap viv Ozetazini  pou fè yo konnen fanmi yo ki ann Ayiti kapab byen kalifye pou yo vini Ozetazini anvan lontan. Sèvis Sitwayènte ak Imigrasyon Ameriken fè remake se sèl moun gouvènman an kontakte ki pral patisipe nan pwogram sa a.

Gouvènman ameriken an ni Depatman Imigrasyon an pa presize konbyen Ayisyen egzateman ki kapab benefisye pwogram nan. Genyen 90 mil Ayisyen ki resevwa apwobasyon pou yo vwayaje Ozetazini e ki toujou ap tann viza imigran yo.

Swiv nou sou rezo sosyal yo

Atik yo plis li
  1. Etazini/Ayiti - Imigrasyon : Detay sou Pwogram Reyinifikasyon Fanmi Ayisyen an
  2. Etazini Pral Akeyi Plizyè Milye Imigran Ayisyen li Deja Apwouve Pou Vin Viv Ak Fanmi Yo
  3. Manifestasyon Pwo e Anti Prezidan Martelly nan Okazyon Komemorasyon Lanmò Lanprè Dessalines
  4. Vizit Premye Minis Lamothe nan Zòn Inondasyon Frape nan Nò Peyi d Ayiti
  5. Wesslande Olysse ap Mennen Kanpay Kont Domestisite ann Ayiti