vandredi 14 novanm 2014, 04:09 EDT
Sa k nan Meni Audio a
odyo
Pwogram
Maten an
Mitan jounen an
Aprè-midi a
Nouvèl an Vè
Kreyòl Pale-Kreyòl Konprann
Lib Tribinn/Dyaloge ak Etazini

YouTube channel
Miltimedya
odyo

Nouvèl / Lèzetazini

Etazini-Ebola: Prezidan Obama Nonmen Ron Klain Kowòdonatè Espesyal Lit kont Epidemi a

Ron Klain, kowòdonatè estrateji lit gouvènman ameriken an kont Ebola.
x
Ron Klain, kowòdonatè estrateji lit gouvènman ameriken an kont Ebola.
Ekip Sèvis Kreyòl VOA

 Prezidan Barack Obama nonmen yon ansyen ofisyèl la Mezon Blanch, Ron Klain, kòm kowòdonatè efò Lèzetazini ap fè pou konbat maladi motèl ki rele Ebola a.  Yon kominike La Mezon Blanch pibliye vandredi  17 oktòb 201 4la, konfime nominasyon Misye Klain, yon ansyen otorite wo-plase nan biwo 2 vis prezidan, pou okipe pòs la.

Jedi 17 oktòb la, Prezidan Obama te pale de posiblite pou l kreye pòs sa a lè l tap anonse li bay otorizasyon pou plis fòs militè Lèzetazini al ranfòse 4 mil manm pèsonèl ameriken ki deja nan rejyon Afrik de Lwès la kote yap patisipe nan efò pou konbat ebola.

Pandansetan, Oganizasyon Mondyal Lasante deklare peyi Senegal pa genyen okenn ka Ebola lakay li. OMS fè deklarasyon sa a  vandredi, swa 42 jou aprè peyi a te rapòte yon sèl ka ebola; se yon nonm ki te fèk fè yon vwayaj nan peyi Gine. (42 jou se 2 fwa tan ki nesesè pou yon moun montre sentòm maladi a apre li fin trape viris la). Sepandan, Oganizasyon Mondyal Lasante lanse avètisman pou l di pozisyon jewografik Senegal fè l tounen yon peyi a-risk, paske plis moun ka sòti lòt kote epi pote maladi a nan peyi a.

Swiv nou sou rezo sosyal yo

Atik yo plis li
  1. Etazini/Ayiti - Imigrasyon : Detay sou Pwogram Reyinifikasyon Fanmi Ayisyen an
  2. Etazini Pral Akeyi Plizyè Milye Imigran Ayisyen li Deja Apwouve Pou Vin Viv Ak Fanmi Yo
  3. Manifestasyon Pwo e Anti Prezidan Martelly nan Okazyon Komemorasyon Lanmò Lanprè Dessalines
  4. Vizit Premye Minis Lamothe nan Zòn Inondasyon Frape nan Nò Peyi d Ayiti
  5. Wesslande Olysse ap Mennen Kanpay Kont Domestisite ann Ayiti