vandredi 14 novanm 2014, 03:55 EDT
Sa k nan Meni Audio a
odyo
Pwogram
Maten an
Mitan jounen an
Aprè-midi a
Nouvèl an Vè
Kreyòl Pale-Kreyòl Konprann
Lib Tribinn/Dyaloge ak Etazini

YouTube channel
Miltimedya
odyo

Nouvèl / Lèzetazini

Efò kont Epidemi Ebola nan rejyon Afrik de Lwès la

Yon pwofesyonèl lasante ap teste yon nèg kap soufri ak maladi ebola nan yon sant tretman nan vil Monrovya, peyi Liberya (Foto: mèkredi 15 oktòb 2014).
x
Yon pwofesyonèl lasante ap teste yon nèg kap soufri ak maladi ebola nan yon sant tretman nan vil Monrovya, peyi Liberya (Foto: mèkredi 15 oktòb 2014).
Ekip Sèvis Kreyòl VOA

Kominote entènasyonal la ap ranfòse efò kap fèt pou konbat epidemi ebola a nan Afik de Lwès kote maladi a deja touye anviwon 4 mil 500 moun; men kominote a poko ka rive rasanble fon-lajan ki nesesè pou l bloke pwogrè viris ki bay epidemi a.

Yon bato Flòt Wayal Britanik la genyen pou l kite La Grand Bretay vandredi 17 oktòb 2014 la pou l ale nan peyi Syera Leyòn avèk divès ekip medikal ak espesyalis lasante abò l. Yon jou anvan sa, prezidan ameriken an, Barack Obama, te bay otorizasyon li pou plis fòs militè Lèzetazini al ranfòse 4 mil manm pèsonèl ameriken ki deja nan rejyon Afrik de Lwès la kote yap patisipe nan efò pou konbat Ebola.

Nan jounen jedi 16 oktòb la, OMS (Oganizasyon Mondyal Lasante) te anonse lap voye kèk ekip nan Kòt-Divwa ak Mali pou yo evalye preparasyon peyi sa yo ap fè pou yo kontwole viris ki bay maladi a. OMS pral kowòdone efò menm jan kap fèt nan 13 lòt peyi a-risk nan rejyon an.  Sekretè Jeneral Nasyon Zini an, Ban Ki-moon, repete yon apèl li te deja lanse pou l mande kontribisyon pou konba kont ebola a.  

Eta-manm l’ONU yo pran angajman pou yo ofri 20 milyon dola sou yon total yon milya òganizasyon mondyal la ta renmen jwenn anvan premye desanm 2014 la. Misye Ban fè konnen jiskaprezan l’ONU resevwa 20 mil dola sèlman; e se yon peyi ki bay lajan sa a : Kolonbi.

Swiv nou sou rezo sosyal yo

Atik yo plis li
  1. Etazini/Ayiti - Imigrasyon : Detay sou Pwogram Reyinifikasyon Fanmi Ayisyen an
  2. Etazini Pral Akeyi Plizyè Milye Imigran Ayisyen li Deja Apwouve Pou Vin Viv Ak Fanmi Yo
  3. Manifestasyon Pwo e Anti Prezidan Martelly nan Okazyon Komemorasyon Lanmò Lanprè Dessalines
  4. Vizit Premye Minis Lamothe nan Zòn Inondasyon Frape nan Nò Peyi d Ayiti
  5. Wesslande Olysse ap Mennen Kanpay Kont Domestisite ann Ayiti