vandredi 14 novanm 2014, 05:35 EDT
Sa k nan Meni Audio a
odyo
Pwogram
Maten an
Mitan jounen an
Aprè-midi a
Nouvèl an Vè
Kreyòl Pale-Kreyòl Konprann
Lib Tribinn/Dyaloge ak Etazini

YouTube channel
Miltimedya
odyo

Nouvèl / Ayiti

Manifestasyon Pwo e Anti Prezidan Martelly nan Okazyon Komemorasyon Lanmò Lanprè Dessalines

x
Ekip Sèvis Kreyòl VOA

Polis Nasyonal d Ayiti (PNH) sèvi ak gaz lakrimojèn ak kanon dlo pou gaye manifestasyon opozisyon an òganize vandredi 17 oktòb 2014 la nan okazyon 208èm anivèsè asasina anperè Jean Jacques Dessalines, fondatè Repiblik d'Ayiti. Otorite yo nan PNH la te modifye pakou kòtèj la pou "pwoteje" patisipan yo, sektè komèsyal la ak byen prive. Fòs de lòd yo entèdi manifestan yo antre nan Petyonvil kote pifòt elit ekonomik peyi a abite. Lapolis, jiska midi vandredi, te kontinye ap itilize gaz lakrimojèn pou anpeche fòmasyon tigwoup manifestan ki  tap fòme pasi-pala yon fason pou evite manifestasyon an al regwoupe.

Nouvèl Ayiti -vandredi 17 oktòb 2014 update
Nouvèl Ayiti -vandredi 17 oktòb 2014 updatei
▶ || 0:00:00
... ⇱    
🔇
X
  • Telechaje

Objektif manifestasyon an, dapre òganizatè yo, se pou reklame demisyon prezidan Michel Martelly epi pwoteste kont gouvènman an yo di ki pase 3 zan san li pa òganize eleksyon nan peyi a. Daprè ansyen depite Serge Jean Louis, pòtpawòl Mouvman Patriyotik Opozisyon Demokratik la (MOPOD) -youn nan gwoup ki mete mouvman pwotestasyon an sou pye-- lapolis pat gen dwa chanje itinerè manifesasyon an san li pat diskite avèk komite òganizatè a.

Nouvèl Ayiti -vandredi 17 oktòb 2014
Nouvèl Ayiti -vandredi 17 oktòb 2014i
▶ || 0:00:00
... ⇱    
🔇
X
  • Telechaje

Menm jounen vandredi 17 oktòb la, Prezidan Michel Martelly avèk li plizyè manm gouvènman an, te ale Pon Wouj, nan antre nò kapital la, Pòtoprens, kote li depoze yo kouwònf lèanba pye Anperè Dessalines . Aapre sa, gouvènman an rankontre sipòtè l yo nan ansyen avyasyon militè Bowen Field, tou prè Pon Wonj,  pou yon rasanbleman kap make 208èm anivèsè asasina Jean-Jacques Dessalines. Plizyè gwoup mizikal t ap anime aktivite politik sa a.

Anfen, nan jounen jedi 16 oktòb 2014 la, Prezidan Martelly rankontre ak konstitisyonalis Odette Roy-Fombrun epi lidè yon regwoupman politik nan kad seri konsiltasyon lap fè sou kriz elektoral la. Madan Fombrun fè konnen li bay prezidan an konsèy pou l fòme yon komisyon konsilyasyon pou travay sou rechèch yon solisyon pou kriz la. Konstitisyonalis la pa dakò ak sektè kap mande demisyon chèf deta a.

Swiv nou sou rezo sosyal yo

Atik yo plis li
  1. Etazini/Ayiti - Imigrasyon : Detay sou Pwogram Reyinifikasyon Fanmi Ayisyen an
  2. Etazini Pral Akeyi Plizyè Milye Imigran Ayisyen li Deja Apwouve Pou Vin Viv Ak Fanmi Yo
  3. Manifestasyon Pwo e Anti Prezidan Martelly nan Okazyon Komemorasyon Lanmò Lanprè Dessalines
  4. Vizit Premye Minis Lamothe nan Zòn Inondasyon Frape nan Nò Peyi d Ayiti
  5. Wesslande Olysse ap Mennen Kanpay Kont Domestisite ann Ayiti