Premye Minis ayisyen an, Laurent Lamothe, patisipe, nan jounen mèkredi 15 oktòb 2014 la, nan yon reyinyon ak 2 minis --Marie Florence Duperval (sante piblik) epi Nesmy Manigat (edikasyon nasyonal)-- sou yon plan repons si maladi ebola a ta antre nan peyi a. Vrèmanvre, daprè yon nòt pou laprès ki sòti nan biwo kominikasyon primati a, gouvènman an mete an plas yon plan pou pèmèt pwofesyonèl lasante yo fè fas ak yon sitiyasyon kote maladi ebola ta parèt nan peyi a epi limite o-maksimòm kantite viktim yo.
Selon desizyon responsab yo pran, pasaje k ap antre nan peyi a gen pou reponn yon seri kesyon e di si wi ou non yo gen sentòm maladi a. Gouvènman an prevwa yon zòn nan ayewopò entènasyonal Pòtoprens la pou resevwa vwayajè yo ta sispèk ki gen sentòm ebola a. Nan Baz MINUSTAH a –ki tou prè ayewopò a-- responsab yo gen yon sant izolman pou resevwa vwayajè ki ta enfekte tou.
Otorite lasante yo fè konnen yap mete ann aplikasyon pwotokòl reglemantasyon sanitè entènasyonal yo. Pandansetan gouvènman an mande popilasyon an pou l gade kalm li. Jiskaprezan yo poko idantifye okenn ka maladi ebola ann Ayiti.