vandredi 14 novanm 2014, 04:15 EDT
Sa k nan Meni Audio a
odyo
Pwogram
Maten an
Mitan jounen an
Aprè-midi a
Nouvèl an Vè
Kreyòl Pale-Kreyòl Konprann
Lib Tribinn/Dyaloge ak Etazini

YouTube channel
Miltimedya
odyo

Nouvèl / Lèzetazini

Rankont Prezidan Obama ak Kòmandan Militè Peyi Manm Kowalisyon kont Eta Islamik la

Prezidan Barack Obama ki tap pale nan rankont avèk responsab defans plis pase 20 peyi pou deba sou lit kont gwoup Eta Islamik la nan baz ayeryen Andrews la, tou prè vil Washington. (Foto: 14 oktòb 2014).
x
Prezidan Barack Obama ki tap pale nan rankont avèk responsab defans plis pase 20 peyi pou deba sou lit kont gwoup Eta Islamik la nan baz ayeryen Andrews la, tou prè vil Washington. (Foto: 14 oktòb 2014).
Ekip Sèvis Kreyòl VOA

Prezidan ameriken an,  Barack Obama, eksprime preokipasyon li devan sitiyasyon an nan Kobané, yon vil nan Siri kote konbatan kud yo ap goumen pou anpeche li tonbe anba men militan gwoup Eta islamik la. Lidè ameriken an rankontre, nan jounen madi 14 oktòb 2014 la, avèk kòmandan militè plis pase 20 peyi sou yon baz ayeryèn ameriken ki tou prè Washington, kote yo te fè deba sou lit yon kowalisyon Lèzetazini ap dirije kont militan islamik yo. Prezidan Obama di:

“Pou le moman, yon afè de 60 peyi ap patisipe nan kowalisyon an; pami yo gen plis pase 20 peyi ki gen reprezantan yo nan rankont nap fè jodi a. Pami peyi sa yo genyen Irak, divès peyi arab, Tuki, alye l’OTAN yo ak partnè nou atravè lemond.”

Pandansetan, premye minis ostralyen an, Tony Abbott, fè konnen jiskaprezan gouvènman irakyen an poko ofri pwoteksyon legal ki nesesè pou ofisye militè ostralyen ki gen pou ale nan Irak pou konseye lame peyi sa a nan lit kont militan islamik yo. Misye Abbot –ki tap abòde dosye a mèkredi 15 oktòb la- ajoute 200 ofisye yo poko kite Ostrali, paske yap tann Irak siyen yon akò pou yo fè deplasman an.  Chèf gouvènman ostralyen an ekate tout posiblite pou militè sa yo ta mele nan konba pandan yo nan Irak la. Semèn pase a, 6 avyon konba ostralyen te pote-kole ak avyon militè Lèzetazini pou lanse atak sou pozisyon militan islamik yo nan Irak.

Swiv nou sou rezo sosyal yo

Atik yo plis li
  1. Etazini/Ayiti - Imigrasyon : Detay sou Pwogram Reyinifikasyon Fanmi Ayisyen an
  2. Etazini Pral Akeyi Plizyè Milye Imigran Ayisyen li Deja Apwouve Pou Vin Viv Ak Fanmi Yo
  3. Manifestasyon Pwo e Anti Prezidan Martelly nan Okazyon Komemorasyon Lanmò Lanprè Dessalines
  4. Vizit Premye Minis Lamothe nan Zòn Inondasyon Frape nan Nò Peyi d Ayiti
  5. Wesslande Olysse ap Mennen Kanpay Kont Domestisite ann Ayiti