vandredi 14 novanm 2014, 04:35 EDT
Sa k nan Meni Audio a
odyo
Pwogram
Maten an
Mitan jounen an
Aprè-midi a
Nouvèl an Vè
Kreyòl Pale-Kreyòl Konprann
Lib Tribinn/Dyaloge ak Etazini

YouTube channel
Miltimedya
odyo

Nouvèl / Lèzetazini

Kanada Antre nan Kowalisyon kont Gwoup Eta Islamik la

Premye Minis Kanada a, Stephen Harper (adwat), ki tap pare pou l vote an favè plan pou lame peyi a patisipe nan atak ayeryen kont gwoup Eta Islamik la nan Irak. (Foto: Palman kanadyen an, Ottawa, 7 oktòb 2014).
x
Premye Minis Kanada a, Stephen Harper (adwat), ki tap pare pou l vote an favè plan pou lame peyi a patisipe nan atak ayeryen kont gwoup Eta Islamik la nan Irak. (Foto: Palman kanadyen an, Ottawa, 7 oktòb 2014).
Ekip Sèvis Kreyòl VOA

          Gouvènman ameriken an fè konnen li byen akeyi desizyon palman Kanada a pran pou l otorize lame peyi a patisipe nan atak ayeryen kap fèt kont militan Eta Islamik la nan Irak. Nan yon vòt ki dewoule madi 7 oktòb 2014 la, palmantè kanadyen yo apwouve patisipasyon peyi a nan atak sa yo pou yon peryòd 6 mwa ; men li entèdi tout patisipasyon sòlda kanadyen nan operasyon kap dewoule atè.

          Premye Minis kanadyen an, Stephen Harper fè konnen gouvènman n nan pa pran desizyon sa a a la lejè; men moun dwe rekonèt gwoup Eta Islamik la poze yon veritab menas pou sekirite entènasyonal. Misye Harper kontinye pou l di kowalisyon Lèzetazuni ap dirije a fèt pou l pran aksyon ki nesesè pou anpeche militan islamik yo ogmante enfliyans yo nan rejyon Mwayen Oryan an epitou anpeche li lanse atak andeyò rejyon an.

          Daprè yon deklarasyon ki sòti nan La Mezon Blanch, Lèzetazini pral travay ak patnè li yo pou «elaji yon apwòch global sou yon efò a-lon-tèm pou nou degrade epi finalman detwi gwoup Eta Islamik la. »   Pandansetan, anvwaye espesyal Oganizasyon Nasyon Zini nan Siri a, Staffa de Mistura, deklare konbatan kud kap defann vil Kobane tou prè fwontyè Siri ak Tuki --pou vil la pa tonbe anba men militan islamik yo- ebyen, twouve yo nan yon sitiyasyon kote yo preske pa kapab reziste ankò devan militan yo. Misye Mistura di :

« Konbatan kud yo ap batay ak zam nòmal, tandiske militan islamik yo genyen tank, gwo machin blende ak mòtye nan men yo. Kominote entènasyonal la fèt pou l defann konbatan kud yo. Kominote entènasyonal la pa kapab kite yon lòt vil tonbe anba men militan islamik yo. La Tuki montre ase jenewozite lè l resevwa plis pase 200 mil refijye siryen lakay li. Men sa ki nesesè jounen jodi a, se aksyon konkrè. Se lemond antye, se nou tout kap regrèt si gwoup islamik la jwenn mwayen mete men sou yon vil ki defann tèt li avèk kouraj, men ki finalman pa kapab fè sa ankò. Nou dwe pase alaksyon ; nou dwe fè sa kounye a menm. »

         Anvwaye espesyal l’ONU an nan Siri raple ke nan lòt vil ki deja tonbe anba men militan islamik yo, popilasyon an sibi move zak tankou asasina pa bann e pa pakèt, militan yo vyole medam yo e yo komèt divès lòt zak vyolans. 

Swiv nou sou rezo sosyal yo

Atik yo plis li
  1. Etazini/Ayiti - Imigrasyon : Detay sou Pwogram Reyinifikasyon Fanmi Ayisyen an
  2. Etazini Pral Akeyi Plizyè Milye Imigran Ayisyen li Deja Apwouve Pou Vin Viv Ak Fanmi Yo
  3. Manifestasyon Pwo e Anti Prezidan Martelly nan Okazyon Komemorasyon Lanmò Lanprè Dessalines
  4. Vizit Premye Minis Lamothe nan Zòn Inondasyon Frape nan Nò Peyi d Ayiti
  5. Wesslande Olysse ap Mennen Kanpay Kont Domestisite ann Ayiti