vandredi 14 novanm 2014, 02:20 EDT
Sa k nan Meni Audio a
odyo
Pwogram
Maten an
Mitan jounen an
Aprè-midi a
Nouvèl an Vè
Kreyòl Pale-Kreyòl Konprann
Lib Tribinn/Dyaloge ak Etazini

YouTube channel
Miltimedya
odyo

Nouvèl / Lèzetazini

Entèvyou Prezidan Barack Obama sou Eta Islamik la

Prezidan ameriken an Barack Obama (Foto Achiv)
x
Prezidan ameriken an Barack Obama (Foto Achiv)
Ekip Sèvis Kreyòl VOA

Prezidan Barack Obama di Lèzetazini pral pase alatak kont militan Eta Islamik la ki, yon jou, daprè li, byen kapab poze danje sou tèritwa nasyonal Lèzetazini an menm. Sou pwen enpòtan sa a, lidè ameriken an genyen pou l mete yon mesaj devan nasyon an e devan lemond  mèkredi 10 septanm 2014 la.

Ann atandan, nan yon entèvyou Prezidan Barack Obama bay chèn televizyon NBC (nan pwogram Meet the Press), li di britalite, agresivite ak karaktè fanatik konbatan Eta islamik la pote yon danje a lon tèm ki kapab depase fwontyè peyi Siri ak Irak. Lidè ameriken an deklare :

«Nou pral poze aksyon sistematik pou n degrade kapasite yo. Nou pral redui dimansyon tèritwa ki anba kontwòl yo, epi, finalman, nou pral ranpòte laviktwa sou yo.”

Sepandan, nan mesaj Prezidan Obama pral detaye mèkredi 10 septanm nan, li gen entansyon mete yon limit nan angajman Lèzetazini pral pran pou l elimine Eta Islamik la. Lidè ameriken an pale klè sou NBC pou l di : “ Pa pral gen sòlda ameriken sou teren an; se pa pral memm bagay ak sa k te pase nan Lagè Irak la. »   

Swiv nou sou rezo sosyal yo

Atik yo plis li
  1. Etazini/Ayiti - Imigrasyon : Detay sou Pwogram Reyinifikasyon Fanmi Ayisyen an
  2. Etazini Pral Akeyi Plizyè Milye Imigran Ayisyen li Deja Apwouve Pou Vin Viv Ak Fanmi Yo
  3. Manifestasyon Pwo e Anti Prezidan Martelly nan Okazyon Komemorasyon Lanmò Lanprè Dessalines
  4. Vizit Premye Minis Lamothe nan Zòn Inondasyon Frape nan Nò Peyi d Ayiti
  5. Wesslande Olysse ap Mennen Kanpay Kont Domestisite ann Ayiti