vandredi 14 novanm 2014, 03:20 EDT
Sa k nan Meni Audio a
odyo
Pwogram
Maten an
Mitan jounen an
Aprè-midi a
Nouvèl an Vè
Kreyòl Pale-Kreyòl Konprann
Lib Tribinn/Dyaloge ak Etazini

YouTube channel
Miltimedya
odyo

Nouvèl / Lèzetazini

Asasina Jounalis Ameriken Steven Sotloff nan Siri - Reyaksyon Depite Ed Royce.

Prezidan komisyon afè etranjè Chanm dè Reprezantan Lèzetazini an, Rep. Ed Royce (R-Calif). Foto achiv.
x
Prezidan komisyon afè etranjè Chanm dè Reprezantan Lèzetazini an, Rep. Ed Royce (R-Calif). Foto achiv.
Ekip Sèvis Kreyòl VOA

Asasina jounal Steven Sotloff nan Siri, anba men konbatan islamik yo, pwovoke gwo reyaksyon nan Kongrè Ameriken an kote palmantè yo lanse apèl pou Lèzetazini pran rapidman aksyon djanm kont Eta Islamik la.

Pa egzanp, Depute Ed Royce, prezidan komisyon afè etranjè nan Chanm dè Reprezantan an, fè konnen asasina jounalis la --jan asasina  sa a dewoule a-- se yon bagay ki ba l degoutans. Depite Royce, ki se yon republiken, di li-menm ak kòlèg li yo nan komisyon afè etranjè a voye kondoleyans yo bay fanmi Steven Sotloff e li atire atansyon sou le fèt ke militan islamik yo deja touye plizyè milye sivil inosan nan Irak ak Siri; daprè li, militan yo ap sèvi ak video pou yo tabli yon eta islamik virtyèl --sa yo rele yon Kalifa-- sou entènèt la. Depite Ed Royce di:

“Sa ki espesyal avèk estrateji Eta Islamik la, se fason yo pibliye enfòmasyon yo, se mwayen yo itilize pou yo ranfòse kapasite yo pou yo touye moun e pou yo teworize moun.”

Sou menm dosye a, pòtpawòl Pentagòn nan, John Kirby --ki tap pale madi 2 septanm 2014 la sou dosye a-- fè konnen aviyasyon militè Lèzetazini pral kontinye atake pozisyon mllitan yo nan Irak yon fason pou elimine mwayen yo ta genyen pou yo mete an danje pèsonèl ak enstalasyon diplomatik ou militè ameriken ki nan peyi a. Se konsa tou, daprè pòtpawòl la toujou, atak sa yo pral apiye transpò asistans imanitè ki pral jwenn moun militan yo tap pèsekite nan Irak.  

Swiv nou sou rezo sosyal yo

Atik yo plis li
  1. Etazini/Ayiti - Imigrasyon : Detay sou Pwogram Reyinifikasyon Fanmi Ayisyen an
  2. Etazini Pral Akeyi Plizyè Milye Imigran Ayisyen li Deja Apwouve Pou Vin Viv Ak Fanmi Yo
  3. Manifestasyon Pwo e Anti Prezidan Martelly nan Okazyon Komemorasyon Lanmò Lanprè Dessalines
  4. Vizit Premye Minis Lamothe nan Zòn Inondasyon Frape nan Nò Peyi d Ayiti
  5. Wesslande Olysse ap Mennen Kanpay Kont Domestisite ann Ayiti