vandredi 14 novanm 2014, 05:50 EDT
Sa k nan Meni Audio a
odyo
Pwogram
Maten an
Mitan jounen an
Aprè-midi a
Nouvèl an Vè
Kreyòl Pale-Kreyòl Konprann
Lib Tribinn/Dyaloge ak Etazini

YouTube channel
Miltimedya
odyo

Nouvèl / Lèzetazini

Rankont l’OTAN sou Ikrèn – Plis Kondanasyon kont Larisi

Sekretè Jeneral l'OTAN an, Anders Fogh Rasmussen, ki tap pale pandan yon konferans pou laprès nan katye jeneral òganizasyon an nan vil Briksèl (Bèljik). Foto: 29 out 2014.
x
Sekretè Jeneral l'OTAN an, Anders Fogh Rasmussen, ki tap pale pandan yon konferans pou laprès nan katye jeneral òganizasyon an nan vil Briksèl (Bèljik). Foto: 29 out 2014.
J. Lyonel Desmarattes

         Oganizasyon Trete Atlantik Nò a (l’OTAN) òganize, nan jounen vandredi 20 out 20145 la,  yon rankont dijans sou kriz kap devlope nan Ikrèn nan, nan moman lidè peyi oksidantal yo kontinye kondane Moskou poutèt li apiye vyolans kap sakaje pati lès peyi a.

        Prezidan ameriken an, Barack Obama, ki tap abòde dosye a nan yon rankont ak laprès nan La Mezon Blanch nan jounen  jedi a - fè konnen « se lemond antye ki konstate fòs militè Larisi antre nan pati lès Ikrèn. » Lidè ameriken an akize Moskou deske se « ak tout bòn volonte li vyole entegrite teritoryal Ikrèn e se yon bagay li fè plizyè fwa deja.

        Pandan Misye Obama rejte, yon fwa ankò, posiblite pou Lèzetazini ta antre militèman sou teren an nan Ikrèn, li ensiste pou l di Washington pral kanpe fèm ak alye ewopeyen li yo pou yo fè fas ak kriz la e li lanse bay Moskou yon avètisman kote li di peyi oksidantal yo kapab mete plis sanksyon sou do Larisi.

        Bò kote pa l, anbasadris Lèzetazini nan l’ONU an, Samantha Power --ki te pran lapawòl nan yon rankont dijans Konsèy Sekirite l’ONU an te fè sou menm tèm nan jedi-- te anplwaye mo ki pi pike toujou pou l kondane Moskou. Diplomat la fè konnen Larisi pa janm di verite sou aksyon li nan peyi Ikrèn.

       « Se tout tan Larisi prezante devan konsèy la pou l di tout bagay eksepte laverite. Li fè manipilasyon; li kache bagay yo; Li fè je l chèch pou l bay manti. Alòs, nou aprann apresye konpòtman Larisi pa aksyon li poze e non pa pawòl li. Nan 2 jou ki pase yo, aksyon Larisi pale fò, tèlman fò nou pa ka tande pawòl li. »

        Dènye mouvman Larisi fè nan Ikrèn nan pwovoke gwo kè-sote nan mitan kominote entènasyonal la, kè-sote kòmkwa Moskou ta va ap chache tabli yon koulwa ant tèritwa li a ak Preskil Krime a, yon pati nan Ikrèn li te anekse nan mwa mas 2014 la.

         Sekretè Jeneral l’ONU an, Ban Ki-moon, deklare si nouvèl ki di twoup militè ris prezan nan Ikrèn se la verite, sa tap reprezante yon deteryorasyon grav e danjere kriz la nan peyi sa a. Daprè Misye Ban, kominote entènasyonal la pa kapab kite sitiyasyon an vin pi grav toujou.

Swiv nou sou rezo sosyal yo

Atik yo plis li
  1. Etazini/Ayiti - Imigrasyon : Detay sou Pwogram Reyinifikasyon Fanmi Ayisyen an
  2. Etazini Pral Akeyi Plizyè Milye Imigran Ayisyen li Deja Apwouve Pou Vin Viv Ak Fanmi Yo
  3. Manifestasyon Pwo e Anti Prezidan Martelly nan Okazyon Komemorasyon Lanmò Lanprè Dessalines
  4. Vizit Premye Minis Lamothe nan Zòn Inondasyon Frape nan Nò Peyi d Ayiti
  5. Wesslande Olysse ap Mennen Kanpay Kont Domestisite ann Ayiti