vandredi 14 novanm 2014, 02:27 EDT
Sa k nan Meni Audio a
odyo
Pwogram
Maten an
Mitan jounen an
Aprè-midi a
Nouvèl an Vè
Kreyòl Pale-Kreyòl Konprann
Lib Tribinn/Dyaloge ak Etazini

YouTube channel
Miltimedya
odyo

Nouvèl / Lèzetazini

Kyèv Anonse Lame Larisi Antre nan Pati Sidès Ikrèn.

Militan ak manm fanmi sòlda ikrenyen ki di rebèl separats pwo-Larisi ansèkle sòlda yo nan pati lès Ikrèn, ap manifeste devan Ministè Defans la nan Kyèv. (Foto: 28 out 2014).
x
Militan ak manm fanmi sòlda ikrenyen ki di rebèl separats pwo-Larisi ansèkle sòlda yo nan pati lès Ikrèn, ap manifeste devan Ministè Defans la nan Kyèv. (Foto: 28 out 2014).
J. Lyonel Desmarattes

Nan Ikrèn, gouvènman prezidan Petro Poroshenko a anonse vil Novoazovsk, nan pati sidès peyi a, tonbe anba men lame Larisi. Anons sa a parèt sou paj Tritter Konsèy Sekirite ak Defans Nasyonal Ikrèn nan ki ajoute anpil ti vilaj ki ozalantou vil la tonbe tou anba men sòlda ris yo. 

Prezidan Poroshenko anile yon vizit li ta pral fè nan peyi Tiki e li mande yon reyinyon dijans manm konsèy sekirite ak defans la pou yo analize sitiyasyon an. Depi kèk tan deja, otorite yo nan Ikrèn ak peyi oksidantal yo te gen preokipasyon devan posibilite pou Larisi ta entèvni dirèkteman nan konfli kap dewoule nan Ikrèn nan, yon akizasyon Moskou te demanti plizyè fwa.

Oganizasyon pou Sekirite ak Kowoperasyon ann Ewòp la (OSKE) ap fè yon rankont spesyal jedi 28 out 2014 la sou evolisyon sitiyasyon an nan Ikrèn, tandiske misyon Lèzetazini nan OSKE a ekri sou paj Twitter li pou l di:

“Vyolasyon Larisi komèt nan Ikrèn nan pral nan tèt ajanda diskisyon OSKE ap fè Jodi a nan vil Vyèn.”  

Lòt Reyaksyon gouvènman ameriken an: Depatman Deta a fè konnen li gen prèv ki montre Larisi voye plis materyèl ak ekipman militè nan pati lès Ikrèn. Pòtpawòl depatman an, Jen Psaki, di pami materyèl ak ekipman sa yo genyen tank, kamyon blende ak lans-wòkèt.

 “Antre Larisi antre sou tèritwa ikrenyen an montre yon kontratak Moskou ta va dirije ap dewoule kounye a menm nan vil Donetsk ak Luhansk. Li klè sa ba nou gwo preokipasyon. Mwen vle fè remake tou --menm si m poko fin si nèt, men anpil nan nou wè sa-- nou gen preokipasyon tou poutèt gouvènman Larisi a pa gen volonte pou l di laverite menm lè moun jwenn sòlda li yo sou yon distans 50 kilomèt anndan tèritwa ikrenyen an.”

Bò kote pa l, prezidan fransè a, François Hollande, di se tap yon bagay entolerab e innakseptab si ankèt ta montre vrèman twoup militè ris antre sou tèritwa ikrenyen an.

Swiv nou sou rezo sosyal yo

Atik yo plis li
  1. Etazini/Ayiti - Imigrasyon : Detay sou Pwogram Reyinifikasyon Fanmi Ayisyen an
  2. Etazini Pral Akeyi Plizyè Milye Imigran Ayisyen li Deja Apwouve Pou Vin Viv Ak Fanmi Yo
  3. Manifestasyon Pwo e Anti Prezidan Martelly nan Okazyon Komemorasyon Lanmò Lanprè Dessalines
  4. Vizit Premye Minis Lamothe nan Zòn Inondasyon Frape nan Nò Peyi d Ayiti
  5. Wesslande Olysse ap Mennen Kanpay Kont Domestisite ann Ayiti