jedi 13 novanm 2014, 01:35 EDT
Sa k nan Meni Audio a
odyo
Pwogram
Maten an
Mitan jounen an
Aprè-midi a
Nouvèl an Vè
Kreyòl Pale-Kreyòl Konprann
Lib Tribinn/Dyaloge ak Etazini

YouTube channel
Miltimedya
odyo

Nouvèl / Amerik Latin

Rankont Avòte ant Prezidan Michel Martelly ak Reprezantan 6 Pati Opozisyon an

Prezidan Michel Martelly (Foto achiv).
x
Prezidan Michel Martelly (Foto achiv).
Ekip Sèvis Kreyòl VOA

Rankont Prezidan Michel Martelly te sipoze fè ak lidè 6 pati politik nan opozisyon an lendi 13 oktòb 2014 la, avòte akoz "yon pwoblèm kominikasyon". An tou ka se opinyon konseye prezidan an, Grégory Mayard-Paul, ki di sanble mesaj la pat byen pase ant Palè Nasyonal ak Senatè Jean William Jeanty ki te gen pou kowòdone rankont la. Dapre konseye a toujou, lèt envitasyon an te ale nan palman an olye yo te depoze li nan lokal pati politik Kontra Pèp la, kote Misye Jeanty te ka jwenn li pi fasilman, paske se pa tout tan palmantè a ale nan sena a. Misye Mayard-Paul di pwoblèm sa a pral rezoud anvan lontan pou rankont la kapab dewoule finalman. 

Nouvèl Ayiti -Madi 14 Oktòb 2014
Nouvèl Ayiti -Madi 14 Oktòb 2014i
▶ || 0:00:00
... ⇱  
🔇
X

Nan deklarasyon Senatè Jeanty fè nan laprès, li di li pap janm kesyon pou lidè 6 pati politik yo rankontre ak Prezidan Martelly san yon planifikasyon. Daprè palmantè a toujou, nan dènye rankont 4 senatè opozisyon an te fè ak chèf deta a nan dat 3 oktòb pase a, yo te mande pou ekzekitif la fòme yon komisyon pou chita ak pati politik yo pou idantifye e elimine difikilte ki kapab poze obstak nan negosyasyon yo.

Bò kote pa l, sekretè jeneral Fusion Socio-Démocrates yo, Rosemond Pradel, di lidè opozisyon an dispoze chita pale ak ekzekitif la pou yo fè dyalòg sou kriz la e non konsiltasyon. Pou kounye a rankont la ranvwaye pou yon dat pati konsène yo poko fikse.

Yon nòt ki soti nan Palè Nasyonal fè konnen Prezidan Michel Martelly ap resevwa ansyen Prezidan René Préval nan Palè Nasyonal la nan kòmansman apre-midi jounen madi 14 oktòb 2014 la nan kad seri konsiltasyon ki te kòmanse depi dènye semèn mwa septanm nan.

Yon lòt kote, Inyon Nasyonal Nòmalyen yo mande otorite yo bese pri pwodwi petwolye yo akoz pwoblèm sa ka poze pou popilasyon an mete sou posibilite pou sa pwovoke yon ogmantasyon pwodui premye nesesite yo. Minis Komès ak Endistri a, Wilson Laleau, deklare nan laprès pri gaz la pa ogmante; men otorite yo fè pito yon ajisteman ki nesesè pou diminye difisi gouvènman an ki fè gwo depans pou l sibvansyone pwodui petwolye yo.

Anfen, apati de 22 oktòb 2014 la,  antreprenè ki ta renmen ouvè yon antrepriz ann Ayiti pral kapab fè sa sou Entènèt la gras ak sa Minis Komès ak Endistri a rele yon "Guichet Electronique Unique".  Misye Laleau fè anons la nan laprès nan jounen lendi 13 oktòb 2014 la. Tout aktivite yo ap kapab fèt sou yon sit ki sou wèb la.

Swiv nou sou rezo sosyal yo

Atik yo plis li
  1. Etazini/Ayiti - Imigrasyon : Detay sou Pwogram Reyinifikasyon Fanmi Ayisyen an
  2. Etazini Pral Akeyi Plizyè Milye Imigran Ayisyen li Deja Apwouve Pou Vin Viv Ak Fanmi Yo
  3. Manifestasyon Pwo e Anti Prezidan Martelly nan Okazyon Komemorasyon Lanmò Lanprè Dessalines
  4. Vizit Premye Minis Lamothe nan Zòn Inondasyon Frape nan Nò Peyi d Ayiti
  5. Wesslande Olysse ap Mennen Kanpay Kont Domestisite ann Ayiti