jedi 13 novanm 2014, 03:27 EDT
Sa k nan Meni Audio a
odyo
Pwogram
Maten an
Mitan jounen an
Aprè-midi a
Nouvèl an Vè
Kreyòl Pale-Kreyòl Konprann
Lib Tribinn/Dyaloge ak Etazini

YouTube channel
Miltimedya
odyo

Nouvèl / Amerik Latin

Yon Tranblemanntè 7.4 Frape Peyi Salvadò. Yon Moun Mouri.

Yon manm Lawwa Wouj nan Salvadò ap swiv yon ekran aprè yon tranblemanntè 7. 4 frape kòt pasifik peyi a. (Foto: REUTERS/Jose Cabezas).
x
Yon manm Lawwa Wouj nan Salvadò ap swiv yon ekran aprè yon tranblemanntè 7. 4 frape kòt pasifik peyi a. (Foto: REUTERS/Jose Cabezas).
Ekip Sèvis Kreyòl VOA

Nan peyi Salvadò, yon moun pou pi piti mouri nan yon gwo tranblemanntè ki frape kòt peyi a byen ta lendi 13 oktòb 2014 la. Sèvis Jewolojik Lèzetazini an fè konnen soukous la te genyen yon fòs 7 pwen 4 e li frape kòt pasifik Salvadò sou yon distans 169 kilomèt o sidès kapital la, vil San Salvador ; pwofondè li se 70 kilomèt.

Wilfrido Salgado, majistra vil San Miguel kote moun te ka santi tranblemanntè a, fè konnen yon nèg pèdi lavi li aprè yon kab elektrik te kase epi sòt tonbe sou misye. Jiskaprezan nouvèl yo pa pale de dega ni lòt moun ki ta mouri. Otorite yo nan peyi Salvadò, Nikaragwa ak Ondiras, ki te lanse yon anvètisman anti-sounami aprè pasaj tranblemanntè a, rantre avètisman sa a.

Swiv nou sou rezo sosyal yo

Atik yo plis li
  1. Etazini/Ayiti - Imigrasyon : Detay sou Pwogram Reyinifikasyon Fanmi Ayisyen an
  2. Etazini Pral Akeyi Plizyè Milye Imigran Ayisyen li Deja Apwouve Pou Vin Viv Ak Fanmi Yo
  3. Manifestasyon Pwo e Anti Prezidan Martelly nan Okazyon Komemorasyon Lanmò Lanprè Dessalines
  4. Vizit Premye Minis Lamothe nan Zòn Inondasyon Frape nan Nò Peyi d Ayiti
  5. Wesslande Olysse ap Mennen Kanpay Kont Domestisite ann Ayiti