jedi 13 novanm 2014, 15:23 EDT
Sa k nan Meni Audio a
odyo
Pwogram
Maten an
Mitan jounen an
Aprè-midi a
Nouvèl an Vè
Kreyòl Pale-Kreyòl Konprann
Lib Tribinn/Dyaloge ak Etazini

YouTube channel
Miltimedya
odyo

Nouvèl / Lèzetazini

Etazini/Espas: Yon Navèt La NAZA te Lanse ap Eksplore Planèt Mas

Nan foto sa a ke La NAZA pibliye, moun kapab wè navèt espasyal MAVEN kap avanse sou Mas nan yon misyon kote li pral etidye atmosfè planèt la.
x
Nan foto sa a ke La NAZA pibliye, moun kapab wè navèt espasyal MAVEN kap avanse sou Mas nan yon misyon kote li pral etidye atmosfè planèt la.
Ekip Sèvis Kreyòl VOA

Yon navèt espasyal ameriken rive sou Mas pou l etidye atmosfè planèt la epi ede savan yo eksplike transfòmasyon ki fè li tounen yon mond frèt e plen dezè, alòske anvan sete yon planèt kote mikwòb tap viv.

Aparèy la –ki rele “Atmosfè Planèt Mas ak Evolisyon Volatil” (an abreje anglè MAVEN) te pase 10 mwa nan wout e li kouvri yon distans 711 milyon kilomèt pou yon vwayaj ki pran fen dimanch 21 septanm 2014 la. Li pral mezire ak ki rapidite gaz sòti sou atmosfè Mas pou antre nan lespas.

Bruce Jakosky, direktè syantifik misyon an, fè konnen prensipal objektif la se chache konprann kisa ki te lakoz gwo chanjman ki fèt nan klima ki antoure planèt la pandan kèk milya ane ki fèk pase yo. Misye Jakosky di :

« Nap chache konnen kisa ki rive atmosfè a; ki jan solèy la ak van ki sòti nan solèy la afekte gaz ki nan atmosfè ki antoure planèt Mas la e ki fè l monte nan lespas. Kidonk, an gwo objektif la se reponn kesyon ki mande ki kote dlo ki te sou planèt la ale? Ki kote dyoksid de kabòn nan ale? »

Navèt espasyal ameriken an pral pran 6 semèn pou li byen enstale li nan òbit alantou planèt Mas; pandan tan sa a, li pral teste enstriman li yo anvan li kòmanse yon misyon kap dire yon lane e ki koute La NAZA 671 milyon dola.

Genyen 3 lòt aparèy nan òbit Mas pou le moman : 2 aparèy ameriken ak yon aparèy ewopeyen. Yon 4èm, ki pote mak-fabrik peyi Lend, genyen pou l rive nan òbit planèt la mèkredi 24 septanm 2014 la.   

Swiv nou sou rezo sosyal yo

Atik yo plis li
  1. Etazini/Ayiti - Imigrasyon : Detay sou Pwogram Reyinifikasyon Fanmi Ayisyen an
  2. Etazini Pral Akeyi Plizyè Milye Imigran Ayisyen li Deja Apwouve Pou Vin Viv Ak Fanmi Yo
  3. Manifestasyon Pwo e Anti Prezidan Martelly nan Okazyon Komemorasyon Lanmò Lanprè Dessalines
  4. Vizit Premye Minis Lamothe nan Zòn Inondasyon Frape nan Nò Peyi d Ayiti
  5. Wesslande Olysse ap Mennen Kanpay Kont Domestisite ann Ayiti