jedi 13 novanm 2014, 15:59 EDT
Sa k nan Meni Audio a
odyo
Pwogram
Maten an
Mitan jounen an
Aprè-midi a
Nouvèl an Vè
Kreyòl Pale-Kreyòl Konprann
Lib Tribinn/Dyaloge ak Etazini

YouTube channel
Miltimedya
odyo

Nouvèl / Lèzetazini

Prezidan Obama Pral Detaye Estrateji Lèzetazini pou Lit kont Eta Islamik la

Prezidan Barack Obama ki tap pale de menas militè gwoup Eta Islamik la poze nan Siri ak Irak (Foto: 28 Out 2014).
x
Prezidan Barack Obama ki tap pale de menas militè gwoup Eta Islamik la poze nan Siri ak Irak (Foto: 28 Out 2014).
Ekip Sèvis Kreyòl VOA

Prezidan Barack Obama gen pou mete devan pèp ameriken an (mèkredi 10 septanm 2014 la a 9 vè di swa, lè Washington, lè Pòtoprens) yon mesaj kote li pral bay detay sou estrateji administrasyon li a gen pou l itilize nan efò lap fè pou l kontrekare aktivite gwoup estremis Eta Islamik la kap kontwole yon bon pati nan Irak ak Siri.

Konsènan mesaj Prezidan Obama a, pòtpawòl Mezon Blanch la, Josh Earnest, fè konnen lidè ameriken an pral pale de menas militan islamik yo poze ak plan gouvènman n nan genyen pou l degrade yo, bloke aktivite yo, anvan li fin pa detwi yo. Misye Earnest fè konnen:
 

“Prezidan an kwè sa reprezante yon priyorite nasyonal wo nivo. Lè priyorite konsa fè sifas, prezidan an kwè li enpòtan pou pèp ameriken an konprann ki pwogrè nou deja reyalize nan dosye a; e pwogrè nou reyalize deja se yon bagay ki enpòtan e sibstansyèl. Se konsa tou, prezidan an kwè li enpòtan pou l kominike ak piblik ameriken an sou yon tounan esansyèl, an palan de chanjman gouvènman ki fèt nan Irak la. Epi prezidan an vle gen asirans li pale yon langaj klè ak piblik ameriken an, avèk nou menm, jounalis ki la a e ki fè repòtaj tout tan sou travay admistrasyon an, yon langaj klè ak manm Kongrè a pou yo konnen ki estrateji nou pral itilize pandan nap avanse ak dosye a.”

Pòtpawòl Mezon Blanch la pa bay detay sou sa prezidan an pral di egzakteman nan mesaj la. Sepandan, Misye Obama deja pale pou l elimine tout posiblite pou Lèzetazini ta voye sòlda al konbat militan islamik yo sou tèritwa irakyen an menm.

Toujou sou dosye Eta Islamik la ak reyaksyon Lèzetazini sou aktivite militan yo nan Irak ak Siri: Lidè repibliken nan Kongrè a pale pou yo di Prezidan Obama pa bay kriz mesye militan yo kreye nan Irak ak Siri a tout enpòtans li merite. Pou yo ak anpil obsèvatè kap kritike administrasyon an, se menm bagay la tou pou kèk lòt dosye nan domèn politik etranjè Lèzetazini. Pami palmantè ameriken ki gen opinyon sa a, nou jwenn senatè repibliken Ted Cruz ki di:

“Nou pa ka angaje nou nan yon politik etranjè ki repoze sou bèl foto, foto pou fè relasyon piblik sèlman, oubyen yon politik etranjè ki baze sou kominike, sou nòt pou laprès, sou yon bonm ou lage isi, yon misil ou lanse la, san w pa gen yon estrateji ki baze sou yon objektif militè dirèk e klè pou w defann enterè ak sekirite nasyonal Lèzetazini.”

Menm si, depi kèk tan deja, administrasyon Obama a montre li pran dosye Eta Islamik la o serye, genyen anpil obsèvatè (pami yo nou jwenn manm pati demokrat la menm) ki lanse kritik pou di Prezidan Obama sanble l pran twòp prekosyon ak dosye sa a e li pa ta bay sitiyasyon an nan Irak (kote militan yo okipe yon bon pati nan tètitwa nasyonal la) tout “bénéfice de l’urgence” li merite a. 

Swiv nou sou rezo sosyal yo

Atik yo plis li
  1. Etazini/Ayiti - Imigrasyon : Detay sou Pwogram Reyinifikasyon Fanmi Ayisyen an
  2. Etazini Pral Akeyi Plizyè Milye Imigran Ayisyen li Deja Apwouve Pou Vin Viv Ak Fanmi Yo
  3. Manifestasyon Pwo e Anti Prezidan Martelly nan Okazyon Komemorasyon Lanmò Lanprè Dessalines
  4. Vizit Premye Minis Lamothe nan Zòn Inondasyon Frape nan Nò Peyi d Ayiti
  5. Wesslande Olysse ap Mennen Kanpay Kont Domestisite ann Ayiti