mèkredi 12 novanm 2014, 12:32 EDT
Sa k nan Meni Audio a
odyo
Pwogram
Maten an
Mitan jounen an
Aprè-midi a
Nouvèl an Vè
Kreyòl Pale-Kreyòl Konprann
Lib Tribinn/Dyaloge ak Etazini

YouTube channel
Miltimedya
odyo

Nouvèl / Ayiti

Manifestasyon Nan Pòtoprens Pou Komemore Anivèsè Koudeta Militè 1991 la

Ansyen prezidan ayisyen Jean-Bertrand Aristide (Foto achiv)
x
Ansyen prezidan ayisyen Jean-Bertrand Aristide (Foto achiv)
Ekip Sèvis Kreyòl VOA

Patizan lidè Lavalas la, Jean Bertrand Aristide, manifeste madi 30 septanm 2014 la nan okzayon 23e anivèsè koudeta ki te kapote l sou pouvwa an 1991, kèk jou apre li te fin pran lapawòl devan Asanble Jeneral Nasyonzini an, nan Nouyòk, Ozetazini. Manifestasyon sa a ki rasanble plizyè santèn sipòtè msye Aristide, dewoule nan moman genyen yon manda lajistis k i pandye sou tèt èks-chèf Deta a e ki otorize fòs sekirite yo arete l apre li pat prezante pou l reponn kesyon jij Lamarre Belizaire  pou l vinn reponn  kesyon nan ankèt kap dewoule sou swadizan koripsyon, blanchiman lajan ak trafik dwòg pandan li te prezidan peyi Dayiti ant 2001 ak  fevriye 2004.

Nouvèl Ayiti -Madi 30 Septanm 2014
Nouvèl Ayiti -Madi 30 Septanm 2014i
▶ || 0:00:00
... ⇱    
🔇
X
  • Telechaje

Yon lòt kote, konsiltasyon ant prezidan Michel Martelly ak opozisyon an ap rapousib apre yon poz pou te pèmèt lidè ayisyen an al patisipe nan 69èm Asanble Jeneral Nasyonzini an nan New York. Pati Inite, ki di l ap patisipe nan konsiltasyon yo, vle pou rankont la gen ladann lòt sijè tankou retou lame Dayiti.

Sou plan ekonomik, Sena ayisyen an pa vote bidjè finans 2014-2015 la apre Premye Minis Laurent Lamothe, ki se an mèm tan Minis Planifikasyon, pat prezante pou l klarifiye kèk pwogram gouvènman an ap finanse. Minis finans la, Marie Carmelle Jean Marie, fè konnen gouvènman an ap pibliye bidjè a nan Jounal ofisyèl "Le Moniteur" 1e oktòb si senatè yo pa vote bidjè a avan fen delè 70 jou a.

Swiv nou sou rezo sosyal yo

Atik yo plis li
  1. Etazini/Ayiti - Imigrasyon : Detay sou Pwogram Reyinifikasyon Fanmi Ayisyen an
  2. Etazini Pral Akeyi Plizyè Milye Imigran Ayisyen li Deja Apwouve Pou Vin Viv Ak Fanmi Yo
  3. Manifestasyon Pwo e Anti Prezidan Martelly nan Okazyon Komemorasyon Lanmò Lanprè Dessalines
  4. Vizit Premye Minis Lamothe nan Zòn Inondasyon Frape nan Nò Peyi d Ayiti
  5. AYITI-JISTIS: Plent kont l'ONU pou Kolera a devan Yon Jij nan New York