lendi 28 mas 2016, 06:36 EDT
Sa k nan Meni Audio a
Video
odyo
Pwogram
Maten an
Mitan jounen an
Aprè-midi a
Nouvèl an Vè
Kreyòl Pale-Kreyòl Konprann
Lib Tribinn/Dyaloge ak Etazini

Pwogram aprè-midi a TV
YouTube Channel
VOA Creole Multimedia

Nouvèl / Ayiti

Ayiti: Prezidan Pwovizwa a Jocelerme Privert Pran Angajman pou l Respekte Akò 5 Fevriye ki Prevwa Eleksyon ak yon Nouvo Prezidan

Jocelerme Privert
x
Jocelerme Privert
Ekip Sèvis Kreyòl VOA

     Prezidan pwovizwa a, Jocelerme Privert, mete devan nasyon an yon mesaj kote li pran angajman pou l respekte akò 5 Fevriye 2016 la ki prevwa eleksyon nan dat 24 avril pou yon nouvo prezidan prete sèman 14 Me. Lidè ayisyen an mande palmantè yo pa pèdi tan pou yo aprouve politik jeneral Premye Minis nome a, Fritz Jean. Msye Privert pale konsa nan moman chanm depite a mete sou pye yon komisyon pou analize dosye Premye Minis nome a.

     Yon lòt kote, anbasad Japonèz la ann Ayiti plis òganizasyon japonè kap opere nan peyi a siyen 4 akò pou plis pase 707 mil dola ameriken pou apiye aktivite 3 òganizasyon lokal. Korespondan nou Orpha Dessources di nou benefisyè yo ap envesti lajan an nan diferan domèn.

     Anfen, Konsila ameriken an ann Ayiti kòmanse yon kanpay nan radyo pou eksplike kondisyon sitwayen ki vle vizite Etazini dwe ranpli pou yo kapab jwenn yon viza.  Korespondan nou Jean Christophe Collegue di nou konsil jeneral la, ki tap patisipe nan yon emisyon-radyo nan Ba Plato Santral la, mande enterese yo evite pran kontak ak raketè.

 

 

 

Swiv nou sou rezo sosyal yo

Atik yo plis li
  1. Etazini-Eleksyon : Eske Kandida Repibliken Donald Trump Pral Sede Anba Presyon pou l Kite Kous la?
  2. Ayiti:29 fevriye 2004--29 fevriye 2016-Douzyèm Anivèsè Depa JB Aristide
  3. Pa Arete Prezidanyèl, Sitwayen Enex Jean-Charles Se Nouvo Premye Minis Nome Peyi d Ayiti.
  4. Ayiti-Kriminalite: Rankont Manm Palman an ak Direktè Polis Nasyonal la sou Ranfòsman Ensekirite a nan Pòtoprens.
  5. Ayiti-Politik: Apèl Jovenel Moise pou Prezidan Jocelerme Privert Oganize Eleksyon nan Delè ki Fikse a.