mèkredi 16 mas 2016, 06:56 EDT
Sa k nan Meni Audio a
Video
odyo
Pwogram
Maten an
Mitan jounen an
Aprè-midi a
Nouvèl an Vè
Kreyòl Pale-Kreyòl Konprann
Lib Tribinn/Dyaloge ak Etazini

Pwogram aprè-midi a TV
YouTube Channel
VOA Creole Multimedia

Nouvèl / Ayiti

Ayiti: Prezidan Jocelerme Privert Nonmen Fritz Alphonse Jean kòm Nouvo Premye Minis

Jocelerme Privert
x
Jocelerme Privert
Ekip Sèvis Kreyòl VOA

     Prezidan pwovizwa ayisyen an, Jocelerme Privert, nonmen Fritz Alphonse Jean kòm nouvo Premye Minis apre plizyè semèn konsiltasyon ak diferan sektè.  Jounalis Gregory Jean Philippe --repòtè afilye nou Radyo-Tele Karayib, ki reponn kesyon Jean Robert Philippe-- di nou Misye Jean gen pou l enstale nan apremidi jounen vandredi 26 fevriye 2016 la. Nouvo Premye Minis la ta dwe prezante devan palman an ansanm ak manm kabinè li anvan lontan pou l soumèt politik jeneral li devan depite yo ak senatè yo.

Nouvèl Ayiti pou vandredi 26 fevriye 2016 la
Nouvèl Ayiti pou vandredi 26 fevriye 2016 lai
▶ || 0:00:00
... ⇱  
  • MP3 - 8.3MB
  • MP3 - 4.1MB
 
 
X

     Yon manm sena a ankouraje kòlèg li yo ratifye politik jeneral nouvo Premye Minis chwazi a. Misyon nouvo chèf gouvènman an se, antwot, konplete pwosesis elektoral la.   

Kenneth Merten
x
Kenneth Merten

Yon lòt kote, Direktè Radyo C-PAM nan Montreal, Ernst Pierre, patisipe jedi 25 fevriye a nan yon pwogram radyo an direk avèk kowòdonatè espesyal Depatman Deta ameriken pou Ayiti, Anbasadè Kenneth Merten, kap vizite peyi Kanada. Dosye kriz la ann Ayiti te nan mitan diskisyon yo.

        Pandan deba sa a, Anbasadè Merten ankouraje aktè politik yo ann Ayiti kontinye avèk pwosesis elektoral la pou garanti estabilite nan peyi a. Mesye Merten te pwofite okazyon an pou l reponn kesyon kèk manm dyaspora ayisyèn nan o Kanada. Diplomat ameriken en atire atansyon sou le fèt ke se ayisyen yo ki te met tèt yo ansanm pou yo anpeche yon vid enstitisyonèl nan peyi a apre depa ansyen prezidan Michel Martelly.

        Anfen, nan vil Okay yon gwoup nan sosyete sivil la lanse apèl bay otorite lasante yo pou mande yo prepare yon plan daksyon ki ka ede popilasyon an nan pati sid peyi a pwoteje tèt li kont viris Zika a.

 

 

Swiv nou sou rezo sosyal yo

Atik yo plis li
  1. Etazini-Eleksyon : Eske Kandida Repibliken Donald Trump Pral Sede Anba Presyon pou l Kite Kous la?
  2. Ayiti:29 fevriye 2004--29 fevriye 2016-Douzyèm Anivèsè Depa JB Aristide
  3. Ayiti: Prezidan Jocelerme Privert Nonmen Fritz Alphonse Jean kòm Nouvo Premye Minis
  4. Ayiti-Politik: Apèl Jovenel Moise pou Prezidan Jocelerme Privert Oganize Eleksyon nan Delè ki Fikse a.
  5. Ayiti-Kriminalite: Rankont Manm Palman an ak Direktè Polis Nasyonal la sou Ranfòsman Ensekirite a nan Pòtoprens.