mèkredi 16 mas 2016, 09:01 EDT
Sa k nan Meni Audio a
Video
odyo
Pwogram
Maten an
Mitan jounen an
Aprè-midi a
Nouvèl an Vè
Kreyòl Pale-Kreyòl Konprann
Lib Tribinn/Dyaloge ak Etazini

Pwogram aprè-midi a TV
YouTube Channel
VOA Creole Multimedia

Nouvèl / Ayiti

Ayiti-Politik: Sena a Apiye Lide yon Ankèt sou Administrasyon Ansyen Prezidan Michel Martelly a

Ansyen Prezidan Michel Martelly
x
Ansyen Prezidan Michel Martelly
Ekip Sèvis Kreyòl VOA

     Plizyè manm sena ayisyen an di yo apiye lide pou Prezidan Pwovizwa a, Jocelerme Privert, lanse yon ankèt ofisyèl sou fason ansyen administrasyon ki te gen nan tèt li Prezidan Michel Martelly te jere lajan peyi a. Daprè palmantè sa yo, se yon fason pou otorite responsab yo jwenn repons pou kesyon plizyè sektè genyen sou jesyon sa a .

Nouvèl Ayiti pou madi 23 fevriye 2016 la
Nouvèl Ayiti pou madi 23 fevriye 2016 lai
▶ || 0:00:00
... ⇱  
  • MP3 - 8.4MB
  • MP3 - 4.2MB
 
 
X

     Yon lòt kote, kandida a la prezidans Pati Fanmi Lavalas la, Doktè Maryse Narcisse, ki t ap pale ak laprès apre yon rankont ak Prezidan Pwovizwa a, Jocelerme Privert, ensiste sou fòmasyon yon komisyon verifikasyon elektoral ak yon nouvo Konsèy Elektoral Pwovizwa a. Doktè Narcisse pale konsa nan moman Prezidan Privert ap kontinye konsiltasyon lap fè ak divès sektè nan vi nasyonal la anvan li nonmen yon nouvo Premye Minis.

     Anfen, direktris rejyonal Fondasyon Pan-Amerikèn Devlopman an (PADF), Madam Nadia Cherrouk, bay Lavwdlamerik yon entèvyou nan jounen  lendi 22 fevriye a -entèvyou kote li fè yon bilan entèvansyon PADF ak Biwo Monetizasyon an nan kad plizyè pwogram devlopman kominotè nan zòn vilnerab plizyè vil provens peyi Dayiti ak kapital la, Pòtoprens.  PADF fè entèvansyon li yo an kolaborasyon ak Platfòm Kominotè yo nan domèn tankou enfrastrikti, asenisman, dlo potab, enèji, rekonstriksyon, reparasyon kay ak reyabilitasyon katye yo apre tranblemanntè 12 janvye 2010 la.

 

 

Swiv nou sou rezo sosyal yo

Atik yo plis li
  1. Etazini-Eleksyon : Eske Kandida Repibliken Donald Trump Pral Sede Anba Presyon pou l Kite Kous la?
  2. Ayiti:29 fevriye 2004--29 fevriye 2016-Douzyèm Anivèsè Depa JB Aristide
  3. Ayiti: Prezidan Jocelerme Privert Nonmen Fritz Alphonse Jean kòm Nouvo Premye Minis
  4. Ayiti-Politik: Apèl Jovenel Moise pou Prezidan Jocelerme Privert Oganize Eleksyon nan Delè ki Fikse a.
  5. Ayiti-Kriminalite: Rankont Manm Palman an ak Direktè Polis Nasyonal la sou Ranfòsman Ensekirite a nan Pòtoprens.