dimanch 16 novanm 2014, 14:47 EDT
Sa k nan Meni Audio a
odyo
Pwogram
Maten an
Mitan jounen an
Aprè-midi a
Nouvèl an Vè
Kreyòl Pale-Kreyòl Konprann
Lib Tribinn/Dyaloge ak Etazini

YouTube channel
Miltimedya
odyo

Nouvèl / Lèzetazini

Yon Nouvo Prezidan nan Endonezi: Joko Widodo Ranplase Susilo Bambang Yudhoyono.

Prezidan Joko Widodo pandan li tap pwononse diskou prestasoyn sèman li a nan Jakata lendi 20 oktòb 2014 la. Li tounen 7èm prezidan Endonezi. (Foto AP/Dita Alangkara)
x
Prezidan Joko Widodo pandan li tap pwononse diskou prestasoyn sèman li a nan Jakata lendi 20 oktòb 2014 la. Li tounen 7èm prezidan Endonezi. (Foto AP/Dita Alangkara)
Ekip Sèvis Kreyòl VOA

         Nan Endonezi, pèp la genyen yon nouvo prezidan : Se Joko Widodo ki prete sèman lendi 20 oktòb 2014 la nan kapital peyi a, Jakarta. Li ranplase Susilo Bambang Yudhoyono e se premye prezidan endonezyen ki pa gen okenn lyen avèk ni elit politik la, ni elit militè a. Nan diskou prestasyon sèman li a, li mande tout sitwayen yo mete yo nan travay pou devlopman peyi a.

«Pou pechè yo, pou travayè yo, agrikiltè ak elvè yo, pou machann yo, sila yo kap vann soup yo, chofè yo, pwofesè lekòl yo, pou plantè yo, sòlda yo, polisye yo, pou antreprenè ak pwofesyonèl yo, map pale pou m di : Ann travay di, zèpòl kont zèpòl, paske moman sa a se yon moman istorik. Nou fèt pou n mete n o-travay ansanm e se pou n travay san pran souf. »

       Sekretè Deta ameriken an, John Kerry, te youn nan pèsonalite entènasyonal ki asiste seremoni prestasyon sèman an, yon siyn ki montre angajman administrasyon Obama a vizavi rejyon Azi-Pasifik la. Daprè kèk otorite ameriken, chèf diplomasi Lèzetazini an gen pou l rankontre ak Misye Widodo e kèk lot lidè azyatik pandan li nan Jakarta a.

        Misye Kerry espere li va kapab ankouraje lidè azyatik yo pou yo jwe yon wòl enpòtan nan lit kont estremis islamik yo ak efò pou kontrekare yon kanpay dezenfòmasyon gwoup la ki poze menas kounye a pou Siri ak Irak. Sekretè Deta a gen pou l fè chita-pale ak chèf gouvènman malezyen an, Najib Razak, premye minis Sengapour la, Lee Sien Loong, siltan Brunei la, Hassanal Bolkiah, ak plizyè lòt lidè rejyonal.

Swiv nou sou rezo sosyal yo

Atik yo plis li
  1. Etazini/Ayiti - Imigrasyon : Detay sou Pwogram Reyinifikasyon Fanmi Ayisyen an
  2. Etazini Pral Akeyi Plizyè Milye Imigran Ayisyen li Deja Apwouve Pou Vin Viv Ak Fanmi Yo
  3. Vizit Premye Minis Lamothe nan Zòn Inondasyon Frape nan Nò Peyi d Ayiti
  4. Wesslande Olysse ap Mennen Kanpay Kont Domestisite ann Ayiti
  5. AYITI-JISTIS: Plent kont l'ONU pou Kolera a devan Yon Jij nan New York