mèkredi 12 novanm 2014, 22:54 EDT
Sa k nan Meni Audio a
odyo
Pwogram
Maten an
Mitan jounen an
Aprè-midi a
Nouvèl an Vè
Kreyòl Pale-Kreyòl Konprann
Lib Tribinn/Dyaloge ak Etazini

YouTube channel
Miltimedya
odyo

Nouvèl / Lèzetazini

Radyo-Tele Karayib Tounen Ofisyèlman yon Afilye Lavwadlamerik

Direktè Sèvis Kreyòl la, Ronald Cesar (a goch) avèk direktè Radio Télé Caraibes, Patrick Moussignac (nan mitan) epi reprezantan BBG, Bruce Sherman.
x
Direktè Sèvis Kreyòl la, Ronald Cesar (a goch) avèk direktè Radio Télé Caraibes, Patrick Moussignac (nan mitan) epi reprezantan BBG, Bruce Sherman.
Ekip Sèvis Kreyòl VOA

Lavwadlamerik pral ranfòse pozisyon li nan domèn radyodifizyon an ann Ayiti gras ak yon akò li fèk jwenn ak Radio Tele Caraibes (94.5 FM ak 1150 AM). Se estasyon sa a ki an tèt de lis pami radyo ki egziste nan kapital Ayiti a, Pòtoprens, e li rive tou nan plizyè vil enpòtan nan peyi a. Direktè jeneral Radyo Tele-Karayib la, Patrick Mousignac, pale pou l di :

« Nou kontan anpil-anpil poutèt nou fòme patenarya sa a ak Lavwadlamerik pou n bay oditwa nasyonal la, ki kontinye ap ogmante, nouvèl entènasyonal, nouvèl konsènan Lezetazini ak peyi d’Ayiti. »

 Afilyasyon tou nèf sa a rive fèt nan yon moman estratejik enpòtan kote Ayiti ap prepare pou l òganize eleksyon nan mwa kap vini yo e nan moman tou kote peyi a ap kontinye yon gwo pwogram rekonstriksyon aprè tranblemanntè janvye 2010 la ; nan moman peyi a ap pare pou l make 5èm anivèsè trajedi a. Bruce Sherman, ki se direktè estrateji ak devlopman nan BBG (Komite Direktè Lavwadlamerik la) e ki siyen akò afilyasyon sa a, byen akeyi patenarya Lavwadlamerik ak Radyo Karayib la. Msye Sherman fè remake:

« Se avèk enpasyans BBG ak Lavwadlamerik ap tann pou yo apiye yon medya endepandan ann Ayiti, pou ranfòse libète laprès ak libète lapawòl nan peyi a; e nou kwè Radyo-Tele Karayib pran angajman pou l pratike tou lè 2 libète sa yo. »

Depi 28 tan déjà, Sèvis Kreyòl Lavwadlamerik la reprezante yon lidè nan medya kap difize nouvèl entènasyonal nan direksyon Ayiti e yon radyo moun rekonèt kòm yon sous ki bay nouvèl ki merite konfyans. Pwogram lib tribin Lavwadlamerik yo ofri oditè ayisyen yo yon okazyon san parèy pou yo patisipe nan diskisyon konsènan dosye ki enpòtan pou peyi yo. Sèvis Kreyòl la enplike anpil tou nan efò pou bay jounalis fòmasyon toupatou ann Ayiti.

BBG ak Radyo Karayib te mete dènye touch nan akò sa a nan moman yon delegasyon komite direktè Lavwadlamerik la –ki te gen ladan n Bruce Sherman ak direktè Sèvis Kreyòl la, Ronald César-- te twouve li nan Pòtoprens kote Lavwadlamerik tap fè yon kou fòmasyon pou jounalis ki reprezante 14 afilye Sèvis Kreyòl la ann Ayiti.

Swiv nou sou rezo sosyal yo

Atik yo plis li
  1. Etazini/Ayiti - Imigrasyon : Detay sou Pwogram Reyinifikasyon Fanmi Ayisyen an
  2. Etazini Pral Akeyi Plizyè Milye Imigran Ayisyen li Deja Apwouve Pou Vin Viv Ak Fanmi Yo
  3. Manifestasyon Pwo e Anti Prezidan Martelly nan Okazyon Komemorasyon Lanmò Lanprè Dessalines
  4. Vizit Premye Minis Lamothe nan Zòn Inondasyon Frape nan Nò Peyi d Ayiti
  5. Wesslande Olysse ap Mennen Kanpay Kont Domestisite ann Ayiti