mèkredi 22 oktòb 2014, 05:31 EDT
Sa k nan Meni Audio a
odyo
Pwogram
Maten an
Mitan jounen an
Aprè-midi a
Nouvèl an Vè
Kreyòl Pale-Kreyòl Konprann
Lib Tribinn/Dyaloge ak Etazini

YouTube channel
Miltimedya
odyo

Nouvèl / Entènasyonal

Anons Depaman sou yon Seselfe nan Pati Lès Ikrèn

Sòlda ikrenyen kap pale tou prè yon machin blende nan yon kan militè ki pa lwen ak vil Donetsk. (Foto: 2 Septanm 2014).
x
Sòlda ikrenyen kap pale tou prè yon machin blende nan yon kan militè ki pa lwen ak vil Donetsk. (Foto: 2 Septanm 2014).
Ekip Sèvis Kreyòl VOA
Daprè nouvèl ki sòti nan vil Kyèv, kapital Ikrèn, biwo Prezidan Petro Poroshenko anonse li-menm ak lidè ris la, Vladimir Putin, rive jwenn yon seselfe pou konba yo nan pati lès Ikrèn. Biwo prezidans la fè parèt, mèkredi 3 septanm 2014 la, yon deklarasyon kote li di 2 lidè yo jwenn antant la nan yon konvèsyon telefonik. Deklarasyon an pa bay detay sou kondisyon ki ta makònen ak seselfe a.

Sepandan, yon deklarasyon separe ki sòti nan Kremlen an, nan Moskou, di Misye Putin ak Misye Poroshenko pa rive jwenn okenn antant sou yon seselfe nan Ikrèn. Nòt la atire atansyon sou le fèt ke Larisi pa fè pati goumen kap dewoule nan pati lès Ikrèn nan. Men, deklarasyon Kremlen an di 2 prezidan yo abòde fason pou yo mete fen nan konfli a.

Anvan sa, yon pòtpawòl prezidans la nan Larisi, Dimitri Peskov,  te fè konnen Misye Putin ak Misye Peroshenko te boukante lide sou mwayen pou mete fen nan « larivyè san kap koule nan pati sides Ikrèn nan. » Misye Peskov te kontinye pou l di 2 lidè yo te mete yo dakò sou kèk mwayen posib pou yo rezoud konfli a. 

Swiv nou sou rezo sosyal yo

Atik yo plis li
  1. Etazini Pral Akeyi Plizyè Milye Imigran Ayisyen li Deja Apwouve Pou Vin Viv Ak Fanmi Yo
  2. Radyo-Tele Karayib Tounen Ofisyèlman yon Afilye Lavwadlamerik
  3. Ansyen Prezidan Ayisyen Jean-Claude Duvalier Mouri nan Pòtoprens.
  4. Manifestasyon Nan Pòtoprens Pou Komemore Anivèsè Koudeta Militè 1991 la
  5. Reyaksyon Depaman Apre Lanmò Ansyen Prezidan Jean-Claude Duvalier