dimanch 19 oktòb 2014, 10:01 EDT
Sa k nan Meni Audio a
odyo
Pwogram
Maten an
Mitan jounen an
Aprè-midi a
Nouvèl an Vè
Kreyòl Pale-Kreyòl Konprann
Lib Tribinn/Dyaloge ak Etazini

YouTube channel
Miltimedya
odyo

Nouvèl / Ayiti

Prezidan Martelly Pale ak Opozisyon an Sou Kriz Elektoral la

CEP LOGO
x
CEP LOGO
Ekip Sèvis Kreyòl VOA

Ann Ayiti, Prezidan Michel Martelly eksprime satisfaksyon n apre premye jounen seri konsiltasyon gouvènman an ap mete sou pye ak lidè politik yo nan kad efò kap fèt pou rezoud kriz elektoral la. Nan jounen lendi 22 septanm 2014 la, Misye Martelly rankontre ak responsab prezidan 2 chanm yo --Dieuseul Simon Desra ak Jacques Estivenson Thimoléon-- lidè pati Òganizasyon Pèp Kap Lite (OPL), epi dirijan Sosyete Sivil la. Gwoup 6 senatè ki poze kondisyon avan pou yo vote lwa elektoral la, pat patisipe nan rankont sa a ki dewoule nan palè nasyonal la. Manm Gwoup G-6 la fè konnen yo dispoze rankontre ak lidè ayisyen yon lòt kote -non pa nan palè prezidansyèl la.

Aprè rankont la, prezidan Sena a, Dieuseul Simon Desra, di li konsidere konsiltasyon sa a kòm yon senp kontak lidè ayisyen an ap chache tabli ant 3 pouvwa yo sou kriz elektoral la avan li kòmanse yon vrè dyalòg politik. Bò kote  pa l, prezidan Chanm Depite a, Jacques Stevenson Thimoleon, deklare nan laprès rankont lendi 22 septanm nan te chita sou nesesite pou eleksyon dewoule anvan fen ane 2014 la pou evite yon vid enstitisyonèl nan peyi a, puiske nan dat 2èm lendi janvye 2015, Sena a pral manke 2 tyè manm li yo si eleksyon pa fèt anvan sa.

Nouvèl Ayiti -Madi 23 Septanm 2014
Nouvèl Ayiti -Madi 23 Septanm 2014i
▶ || 0:00:00
... ⇱
 
🔇
X
  • Telechaje

Chèf pouvwa egzekitif la te rankontre tou ak lidè pati politik Òganizasyon Pèp K ap Lite (OPL), doktè Sauveur Pierre Etienne, ki bay chèf deta konsèy pou l pran tout dispozisyon pou evite yon vid enstitisyonèl. Misye Etienne lanse lide pou depite yo ak yon gwoup 10 senatè ta konplete dire manda yo apati de dat yo te prete sèman an. Yon desizyon konsa t ap bay konsèy elekoral la jiska fen mwa mas 2015 pou l òganize eleksyon yo. Bò kote pa l, yon nan dirijan Sosyete Sivil la, Pwofesè Rosny Deroches, di sektè li reprezante a mete devan prezidan Martelly yon pwopozisyon an 8 pwen ki ta kapab ede rezoud enpas politik la.

Anfen, direktè  Konsèy Elektoral Pwovizwa a, Mosler Georges, fè konnen premye tou eleksyon yo pap kapab dewoule pazavan 4 a 5 mwa. Misye Georges atire atansyon sou le fèt ke, antwòt, règleman yo mande pou enskripsyon elektoral la pran fen 3 mwa anvan dewoulman eleksyon an. Direktè KEP a fè deklarasyon sa a nan moman enstitisyon an kòmanse enstale ak difikilte manm Biwo Elektoral Depatmantal (BED) a travè tout peyi a.

Swiv nou sou rezo sosyal yo

Atik yo plis li
  1. Radyo-Tele Karayib Tounen Ofisyèlman yon Afilye Lavwadlamerik
  2. Ansyen Prezidan Ayisyen Jean-Claude Duvalier Mouri nan Pòtoprens.
  3. Manifestasyon Nan Pòtoprens Pou Komemore Anivèsè Koudeta Militè 1991 la
  4. Reyaksyon Depaman Apre Lanmò Ansyen Prezidan Jean-Claude Duvalier
  5. 2 Diplomat Ameriken Pwononse yo sou Kriz Ayisyen an