jedi 25 septanm 2014, 16:51 GMT
Sa k nan Meni Audio a
odyo
Pwogram
Maten an
Mitan jounen an
Aprè-midi a
Nouvèl an Vè
Kreyòl Pale-Kreyòl Konprann
Lib Tribinn/Dyaloge ak Etazini

YouTube channel
Miltimedya
odyo

Nouvèl / Ayiti

Ayiti-Eleksyon : Pozisyon Depaman nan Sena a sou Pwosesis Elektoral la

Haiti Ballot Box
x
Haiti Ballot Box
Ekip Sèvis Kreyòl VOA

Ann Ayiti, amandman lwa elektoral la toujou nan enpas nan Sena a, sitou akoz pozisyon depaman palmantè yo non sèlman sou amandman lwa elektoral la, men tou sou anons 5 senatè ki pwòch pouvwa a fè kote yo menase pou yo bay demisyon yo  pou pèmèt eleksyon dewoule nan fen ane a. Nan tèt mouvman sa a nou jwenn palmantè Edo Zenny, premye senatè Depatman Sidès la.

Korespondan nou Rotchild François Junior, ki nan Pòtoprens, bay reyaksyon 2 senatè: dabò yon lòt senatè Sidès, Wencesclast Lambert, ki bay Gran Kò a yon ultimatum 2 semèn pou li amande dokiman elektoral la, sinon lap bay demisyon l. Bò kote pa l, youn nan senatè Latibonit yo, Anick Joseph, panse plan demisyon 5 kòlèg sa yo se yon pwojè pouvwa egzekitif la pou l dirije pa dekrè.

Pandansetan, pouvwa ekzekitif la ap chache yon konsansis ak 3 pati siyatè Akò El Rancho a pou yo ka aplike atik 12 akò sa a kòm yon kad legal pou òganizasyon eleksyon yo. Pòtpawòl premye minis la, Pierre-Michel Brunache, di Lavwadlamerik si yo pa  rive jwenn yon antant anvan fen semèn sa a, lap twò ta pou eleksyon dewoule nan fen ane 2014 la.

Yon lot kote, nan yon nòt Konsèy Pèmanan Oganizasyon Eta Ameriken yo (OEA) fè parèt nan jounen madi 26 out 2014 la nan Washington, li anonse yon rankont pou mèkredi 27out la, kote òganizasyon rejyonal la pral manifeste apui li pou òganizasyon eleksyon ann Ayiti. Not la di --nap site: “Nan reyinyon sa a, delege yo pral konsidere yon pwojè-rezolisyon kap deklare apui l'OEA pou eleksyon dewoule ann Ayiti daprè tèm Akò El Rancho a.”

Anfen, responsab ayisyen yo anonse Konpayi Nasyonal Transpò Elèv yo pral ajoute yon afè de 50 nouvo otobis sou flòt ki te deja la pou transpòte elèv lekòl, nan moman dat ouvèti lekòl la ap pwoche -swa lendi 8 septanm 2014 la. Kantite otobis sistèm nan te genyen jiskela sete 257. Nouvo otobis yo se yon kado peyi Kore di Sid.

Swiv nou sou rezo sosyal yo

Atik yo plis li
  1. "Chans pou Eleksyon Dewoule Ann Ayiti an 2014 Mens Anpil," dapre Sandra Honoré.
  2. Gouvèman Ameriken Mete Ayiti Sou Lis Peyi Ki Sèvi Pou Dwòg Antre Ozetazini
  3. Militan Islamik yo nan Siri Koupe Tèt Jounalis Ameriken Steven Sotloff.
  4. Entèvyou Premye Minis Laurent Lamothe avèk Sèvis Kreyòl Lavwadlamerik la
  5. Ayiti-Eleksyon : Pozisyon Depaman nan Sena a sou Pwosesis Elektoral la