jedi 25 septanm 2014, 20:48 GMT
Sa k nan Meni Audio a
odyo
Pwogram
Maten an
Mitan jounen an
Aprè-midi a
Nouvèl an Vè
Kreyòl Pale-Kreyòl Konprann
Lib Tribinn/Dyaloge ak Etazini

YouTube channel
Miltimedya
odyo

Nouvèl / Entènasyonal

Avètisman OMS devan Menas ki Poze pou Oganizasyon Imanitè yo

x
Jacquelin Bélizaire

Oganizasyon Mondyal Sante (OMS) lanse yon avètisman kont yon tandans kap grandi, kote  travayè lansante ak lopital yo tounen sib pou atak nan konfli ame ak kriz imanitè yo.

Ajans Nasyon Zini an fè parèt pinga sa a nan okazyon Jounen Monydal Aksyon Imanitè yo, swa madi 19 out la 2024 la. OMS di prensipal ka dijans ki poze atravè lemond yo ap ogmante nan enpòtans yo, nan konplikasyon ka yo e nan fason rapid yap rive youn dèyè lòt. Doktè Richard Brennan se direktè Depatman Ka Dijans ki jere afè imanitè nan OMS. Li di :

“Gen anpil chans pou 80 mwa ki sòt pase yo reprezante peryòd kote nou te pi okipe nan tout istwa aksyon imanitè yo. Rezon an, sè ke gen yon pakèt gwo kriz ki eklate nan peyi tankou Siri, Soudan Sid,  Repiblik Santrafrik, Irak mete sou epidemi Ebola a kap fè ravaj aktyèlman ann Afrik de Lwès, san nou pa site lòt kriz grav ki rive nan peyi tankou Somali ak Yemèn e nan pati lès peyi Kongo.”

Konfli ki fèk pete nan rejyon Gaza a se yon lòt egzanp ki montre kijan travayè lasante, lopital, klinik, malad ak anbilans tounen sib atak privilejye belijeran yo. Aksyon konsa anpeche moun ki malad resevwa swen medikal nan moman yo gen plis bezwen pou swen sa yo.

Nan Pakistan ak Nijerya, pèsonèl medikal kap bay moun vaksen polyo (pi fò nan manm pèsonèl sa yo se fi), sibi atak, toujou daprè Misye Brennan ki ajoute: «Aksyon konsa reprezante yon vyolasyon dwa entènasyonal. »

Swiv nou sou rezo sosyal yo

Atik yo plis li
  1. "Chans pou Eleksyon Dewoule Ann Ayiti an 2014 Mens Anpil," dapre Sandra Honoré.
  2. Gouvèman Ameriken Mete Ayiti Sou Lis Peyi Ki Sèvi Pou Dwòg Antre Ozetazini
  3. Militan Islamik yo nan Siri Koupe Tèt Jounalis Ameriken Steven Sotloff.
  4. Entèvyou Premye Minis Laurent Lamothe avèk Sèvis Kreyòl Lavwadlamerik la
  5. Ayiti-Eleksyon : Pozisyon Depaman nan Sena a sou Pwosesis Elektoral la