mèkredi 24 septanm 2014, 09:55 GMT
Sa k nan Meni Audio a
odyo
Pwogram
Maten an
Mitan jounen an
Aprè-midi a
Nouvèl an Vè
Kreyòl Pale-Kreyòl Konprann
Lib Tribinn/Dyaloge ak Etazini

YouTube channel
Miltimedya
odyo

Nouvèl / Lèzetazini

Menas Leta Islamik Irak ak Levan an poze pou Lemond / Opinyon Lidè Ameriken yo.

Minis defans amerkiken an, Chuck Hagel (agoch) ak kòmadnan Wo Eta Majò Lame amerikèn nan, Jeneral Martin Dempsey, pandan yon pwen de près nan Pentagòn nan nan Washington, nan dat 21 out 2014 la.
x
Minis defans amerkiken an, Chuck Hagel (agoch) ak kòmadnan Wo Eta Majò Lame amerikèn nan, Jeneral Martin Dempsey, pandan yon pwen de près nan Pentagòn nan nan Washington, nan dat 21 out 2014 la.
Ekip Sèvis Kreyòl VOA

Minis defans Lèzetazini an, Chuck Hagel, deklare : “Menas militan ekstremis Leta Islamik lrak ak Levan an poze pou sekirite mondyal la se yon bagay moun potko janm wè.” Misye Hagel fè deklarasyon sa a jedi 21 out 2014 la, swa yon jou aprè nouvèl te fè konnen militan islamik yo te koupe tèt jounalis ameriken James Foley ki te tonbe anba men yo sa gen preske 2 zan. Minis Hagel di:

“Militan Eta Islamik Irak ak Levan an se yon gwoup ki tèlman sofistike e yo gen tèlman bon jan finansman, se bagay moun pat janm wè. Yo pi byen òganize pase yon senp gwoup teworis. Yo melanje ideyoloji ak eksplwa militè ki makonnen taktik ak estrateji yon fason sofistike. kantapou afè finans la, yo byen finanse seryezman; se yon sitiyasyon nou pat janm wè jiskela. Nou dwe prepare nou pou  tout bagay.”

Pandan minis Chuck Hagel tap pale konsa, li te gen bò kote Ii kòmadnan Wo Eta Majò Lame amerikèn nan, Jeneral Martin Dempsey. Daprè Jeneral Dempsey, militan islamik ekstremis yo se yon gwoup kap difisil pou moun bat. Misye Denmpsey te genyen, dayè, pou l te reponn kesyon yon jounalis ki te mande eske pa gen mwayen pou moun frennen aktivite mesye esktremis sa yo. Jeneral la te reponn:

« Wi, repons la se: Gen mwayen pou moun rete yo sou kous yo, men pa endefiniman, pa pou tout tan.  Se yon òganizasyon ki pa sispann komèt dega katastwofik, krim efrayik sou wout li; e finalman fòk genyen yon vizyon estratejik ki pou pèmèt yo pèdi batay la. Si kesyon an se: Eske moun ka bat yo san yo pa rezoud pwoblèm ki poze nan Siri kote gwoup la tabli katye-jeneral oganizasyon yo a ? Ebyen, repons la se non.  »

Pandansetan, sou teren an nan Irak -pi presizeman nan pati nò peyi a- fòs kird yo lanse yon operasyon pou yo dechouke militan Leta Islamik la nan yon vil estratejik yo te pran nan zòn nan nan dat 11 out pase a. Se vil Jalawla ki sou yon distans 115 kilomèt o nòdès Bagdad. Otorite yo fè konnen konbatan peshmerga yo, yon branch nan fòs kird yo, deja repran anpil katye nan vil la nan batay ki dewoule byen bonè vandredi 22 out 2014 la.

Swiv nou sou rezo sosyal yo

Atik yo plis li
  1. "Chans pou Eleksyon Dewoule Ann Ayiti an 2014 Mens Anpil," dapre Sandra Honoré.
  2. Militan Islamik yo nan Siri Koupe Tèt Jounalis Ameriken Steven Sotloff.
  3. Gouvèman Ameriken Mete Ayiti Sou Lis Peyi Ki Sèvi Pou Dwòg Antre Ozetazini
  4. Entèvyou Premye Minis Laurent Lamothe avèk Sèvis Kreyòl Lavwadlamerik la
  5. Ayiti-Eleksyon : Pozisyon Depaman nan Sena a sou Pwosesis Elektoral la