mèkredi 24 septanm 2014, 12:11 GMT
Sa k nan Meni Audio a
odyo
Pwogram
Maten an
Mitan jounen an
Aprè-midi a
Nouvèl an Vè
Kreyòl Pale-Kreyòl Konprann
Lib Tribinn/Dyaloge ak Etazini

YouTube channel
Miltimedya
odyo

Nouvèl / Lèzetazini

Etazini-Vyolans : Konfwontasyon ant Lapolis ak Manitestan nan vil Ferguson, Eta Missouri.

Ajan polis ki pwente zam yo sou manifestan ki tap pwoteste pou yo denonse lanmò pa bal jenn nwa ameriken Michael Brown nan vil Ferguson. (Foto: 18 out 2014).
x
Ajan polis ki pwente zam yo sou manifestan ki tap pwoteste pou yo denonse lanmò pa bal jenn nwa ameriken Michael Brown nan vil Ferguson. (Foto: 18 out 2014).
Ekip Sèvis Kreyòl VOA

Nan vil Ferguson, ki nan Eta Missouri, nan pati sid Lèzetazini, konfwontasyon dowoule ant Lapolis ak manifestan byen ta lendi 18 out 2014 la aprè lanmò yon jenn gason nwa anba bal yon polisye blan nan dat 9 out pase a. Non viktim nan se Michael Brown. Li te genyen 18 tan. Non polisye ki touye l la se Darren Wilson.

 Lapolis anti emet lanse kout gaz lakrimojèn ak grenad paralizan sou manifestan ki te rasanble nan lari vil la kote dezòd ak katastwòf tabli finalman aprè yon seri de manifestasyon pasifik. Kèk moun nan foul la te lanse cocktail Molotov sou polisye yo ki te ame ak gwo zam lou, e moun te ka tande kout-zam ki tap pati.

Kaptenn patwouy otowout Eta Misouri, Ron Johnson, ke gouvènè eta a, Jay Nixon, te chwazi semèn pase a kòm responsab sekirite vil Ferguson, pale ak laprès byen bonè madi 19 out la pou l di yon ti minorite zwit pami manifestan yo te ouvè koutzam sou lapolis. Kaptenn Johnson deklare :

"Tout moun ki te mele nan mouvman pwotestasyon sa a kapab konprann bagay yo te ka debouche sou gwo danje pandan nannuit la. Yon ti minorite pwovokatè te kache nan mitan foul la epi yo kòmanse kreye dezòd. Se konsa, yo te pran voye boutèy,  lanse cocktail molotov ak bonm dife. An jeneral, moun kap pwoteste fè sa yon fason pasifik e nan lapè. Manifestan pa fè konfwontasyon ak lapolis. Yo pa lanse cocktail molotov. Se kriminèl ki fè sa ; e lè yo poze zak konsa, yo mete lavi ak pwopriyete moun an danje. "    

Kaptenn Johnson ajoute lapolis poze arestasyon 31 moun nan manifestasyon ki dewoule lendi a, e 2 lòt blese anba koutzam ki te sòti nan foul la. Avoka kap defann fanmi jenn gason ki te tonbe anba bal polisye a, fè konnen viktim nan te deja dispoze rann tèt li lè ajan polis Darren Wilson te ba li bal ki touye l la.

Pou le moman otorite yo mete polisye Wilson an vakans peye, ann atandan yon ankèt fin fèt sou afè a. Minis jistis ameriken an, Eric Holder, gen pou l ale nan vil Fugerson mèkredi 20 out la, sou enstriksyon Prezidan Barack Obama, pou l konnen dènye detay sou ankèt kap fèt sou lanmò jenn gason an. Chèf Depatman Jistis la genyen tou pou l rankontre ak lidè kominotè yo nan Ferguson nan kad efò lap fè pou retabli lapè nan vil la ki pa lwen ak yon gwo metwopòl  Eta Missouri, vil Saint Louis.

Swiv nou sou rezo sosyal yo

Atik yo plis li
  1. "Chans pou Eleksyon Dewoule Ann Ayiti an 2014 Mens Anpil," dapre Sandra Honoré.
  2. Militan Islamik yo nan Siri Koupe Tèt Jounalis Ameriken Steven Sotloff.
  3. Gouvèman Ameriken Mete Ayiti Sou Lis Peyi Ki Sèvi Pou Dwòg Antre Ozetazini
  4. Entèvyou Premye Minis Laurent Lamothe avèk Sèvis Kreyòl Lavwadlamerik la
  5. Ayiti-Eleksyon : Pozisyon Depaman nan Sena a sou Pwosesis Elektoral la