mèkredi 24 septanm 2014, 10:07 GMT
Sa k nan Meni Audio a
odyo
Pwogram
Maten an
Mitan jounen an
Aprè-midi a
Nouvèl an Vè
Kreyòl Pale-Kreyòl Konprann
Lib Tribinn/Dyaloge ak Etazini

YouTube channel
Miltimedya
odyo

Nouvèl / Lèzetazini

130 Konseye Militè Ameriken Prale nan vil Irbil, nan Nò Irak.

Minis Defans ameriken an, Chuck Hagel (agoch) ak kòmandan wo eta majò lame amerikèn nan, Jeneral Martin Dempsey, anvan yon konferans pou laprès nan Pentagòn nan. (Foto: 12 out 2014. Reuters/Yuri Gripas (UNITED STATES - Tags: POLITICS MILITARY) - RTR3WZKJ
x
Minis Defans ameriken an, Chuck Hagel (agoch) ak kòmandan wo eta majò lame amerikèn nan, Jeneral Martin Dempsey, anvan yon konferans pou laprès nan Pentagòn nan. (Foto: 12 out 2014. Reuters/Yuri Gripas (UNITED STATES - Tags: POLITICS MILITARY) - RTR3WZKJ
Ekip Sèvis Kreyòl VOA

Administrasyon Obama a anones Lèzetazini voye yon lòt gwoup 130 konseye militè nan pati nò Irak pou kore efò kap fèt pou ede plizyè milye moun ki bloke nan rejyon an akoz lagè kap dewoule ant lame irakyèn nan ak militan islamik sinit yo.

Pandan minis defans ameriken an, Chuck Hagel, tap abòde dosye a madi 12 out 2014 la, li fè konnen misyon konseye militè sa yo --ki al pran pozisyon nan vil Irbil-- se tou senpleman bay manm fòs zame Irak la konsèy. Misye Hagel di :

« Tankou prezidan an te pale trè klè pou l di sa a, nou pa pral retounen nan Irak; nou pa pral retounen ak yon misyon konba tankou nou te fè sa deja nan Irak. Pou m pale klè, kite m di se pa yon misyon kote nou pral lanse yon operasyon kap mete sòlda sou teren an. Nou pa pral lanse yon operasyon konsa. »  

Nan mwa jen pase 2014 la, Pentagòn nan te anonse yon operasyon limite kote li te voye 300 konseye militè nan Bagdad.  Nan menm jounen madi a, Sekretè Jeneral Oganizasyon Nasyon Zini an, Ban Ki-moon, te abòde sitiyasyon kèk gwoup minoritè irakyen --tankou manm yon relijyon ki rele Yazidi-- ki bloke nan pati nò peyi a kote yo kouri al pran refij pou yo pa viktim goumen kap dewoule ant sòlda irakyen yo ak militan islamik yo. Misye Ban deklare :

 «Mwen lanse apèl bay kominote entènasyonal la pou m mande l fè plis efò pou l bay moun deplase yo sa yo bezwen. Mwen itilize mo ki pi solid, ki pi dyanm posib la pou m kondane pèsekisyon sistematik minorite yo ap sibi akoz relijyon yo oubyen paske yo refize aksepte ideyoloji militan islamik yo ak gwoup moun ki asosye avèk yo.

Misye Ban kontinye pou l di li dezole e dekouraje devan zak sovaj gwoup islamik yo poze nan vil ak vilaj yo sezi nan pati lès Siri ak pati nòdwès Irak. Pami zak sa yo, genyen egzekisyon abitrè avèk kidnaping timoun yo pran nan men papa yo ak manman yo. 

Dènye nouvèl yo fè konnen gouvènman fransè a pran desizyon pou l voye zam bay fòs kurd yo nan Irak pou ede yo goumen ak militan islamik yo ki deja pran kontwòl yon bon pati nan nò ak lwès peyi a, alòske lame irakyèn nan pa tèlman opoze rezistans. 

Swiv nou sou rezo sosyal yo

Atik yo plis li
  1. "Chans pou Eleksyon Dewoule Ann Ayiti an 2014 Mens Anpil," dapre Sandra Honoré.
  2. Militan Islamik yo nan Siri Koupe Tèt Jounalis Ameriken Steven Sotloff.
  3. Gouvèman Ameriken Mete Ayiti Sou Lis Peyi Ki Sèvi Pou Dwòg Antre Ozetazini
  4. Entèvyou Premye Minis Laurent Lamothe avèk Sèvis Kreyòl Lavwadlamerik la
  5. Ayiti-Eleksyon : Pozisyon Depaman nan Sena a sou Pwosesis Elektoral la